Aller au contenu

JISTIS POU DANIEL DORSAINVIL- KÒDONATÈ POHDH, DIRIJAN KRPBB- AK MADANM LI, KI VIKTIM ENSEKIRITE PWOGRAME

Nou menm manm Inisyativ MPDP, k ap defann dwa pou tout Ayisyèn ak Ayisyen viv ak kè poze nan yon Ayiti kote reskonsab Leta yo pran dispozisyon pou pwoteje popilasyon an, se ak anpil kòlè, endiyasyon nou aprann kouman samdi 8 fevriye a, de (2) kriminèl krible anba bal, devan je tout moun, gwo jounen, kanmarad nou Daniel Dorsainvil ak madanm li, Girldy Larèche.


Inisyativ MPDP voye senpati ak solidarite l bay pitit, paran, fanmi ak zanmi defen yo. Senpati ak solidarite nou al jwenn tou POHDH, KRPBB, GAJ ak tout kanmarad ki t ap goumen ansanm ak yo. Inisyativ la pataje soufrans ak endiyasyon, pitit, fanmi, kanmarad ki twouve yo nan ranmase kadav sitwayen ak sitwayèn sa yo, alòske peyi a bezwen plis militan dwa moun ak militan politik tankou yo, ki kwè nan peyi a epi ki deside mete men tout bon pou wete nasyon an nan katchouboumbe fòs reyaksyonè yo ap foure l chak jou pi plis.

Nouvèl zak asasinay sa a touche nou jouk nan zantray nou. Se ak anpil respè n ap koube n devan kadav 2 potorik sitwayen ak sitwayèn sa yo ki te toujou kwè nan peyi a e ki te mete yo nan sèvis li. Kadav sa yo vin ogmante lis pitit pèp la ki viktim paske reskonsab Leta yo ak fòs okipasyon an fè Ayiti tounen yon bato san gouvènay. Se jouranjou n ap kontinye konte kadav sitwayen ak sitwayèn nan ensekirite pwograme a, pandan tout otorite peyi a ap chante yo gen kontwòl ensekirite a.

Kisa otorite yo rele kontwòl ensekirite ? Si otorite Leta yo gen kontwòl ensekirite a, kijan fè bandi ame ka ap mache egzekite sitwayen ak sitwayèn nan peyi a, san kè sote, pi souvan gwo lajounen, anba je popilasyon an ? Eske pawòl gen kontwòl ensekirite a se pa yon paravan pou kache fenomèm enpinite a otorite Leta yo pa sispann sitire depi kèk tan nan peyi a? Eske pawòl gen kontwòl ensekirite otorite Leta yo ap pale a pa antre nan menm lojik pwopagann pou lekòl gratis, pou kreye travay ak pou dyalòg nasyonal, pandan nan reyalite a otorite Leta yo pa montre okenn volonte pou regle anyen serye nan kriz k ap boulvèse peyi a ?

Se reskonsablite otorite peyi a pou ban nou esplikasyon sou zak kriminèl sa yo. Se devwa otorite Leta yo pou pwoteje tout sitwayen/sitwayèn nan peyi a. Peyi a pa ka kontinye nan « ankèt la ap pousuiv». Enpinite a rive twò lwen nan peyi a, li fè twòp larivyè san ak dlo nan je koule, twòp kadav blayi, twòp manman ak papa pitit plonje nan doulè. Fòk popilasyon an ranmase karaktè l pou chache konnen rasin tout mal sa yo pou rive derasinen yo nan peyi a.

Inisyativ MPDP ak KRPBB, mete vwa yo ansanm ak vwa pitit, fanmiy, kanmarad Daniel ak madanm li, pou mande Leta Ayisyen pran tout dispozisyon nesesè pou mete men sou kriminèl yo, jije yo, yon jan pou dosye sa a pa tounen yon fèy bwa ki pouri nan dlo, pou Daniel, madanm li ak fanmiy li jwenn jistis.

Kadav Daniel, madanm li epi tout lòt ki tonbe yo, dwe fè nou reflechi sou vrè pwoblèm peyi a, pou nou kapab chita sou vrè rasin yo, si nou vle jwenn bon solisyon.

Pòtoprens, 10 fevriye 2014

Lis òganizasyon ki manm Inisyativ MPDP:

• Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP),
• Pati KAN PÈP LA,
• Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA,
• Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK),
• Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS),
• Rasanbleman Pwogresis Sid (RPS),
• Kay Fanm,
• Ayiti Djanm,
• Fòs Refleksyon ak Aksyon Sou Koze Kay (FRAKKA),
• Mouvman Revandikatif Peyizan San Tè / Latibonit (MRPST),
• Solidarite Ant Jèn (SAJ/Veye yo),
• Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville (KRPBB),
• Mouvman Demokratik Popilè (MODEP),
• SEK GRAMSCI,
• Gwoup Refleksyon Moise Louverture (GRML),
• Mouvman Oganizasyon Gwoupman Peyizan Karis (MOGPK),
• Mouvman Oganizasyon Pou Devlopman ak Desantralizasyon Nò ak Nodès (MODOD),
• Kòdinasyon Rejyonal Nip (KORENIP),
• Konbit Pou Yon Lòt Ayiti (KPLA),
• Mouvman Peyizan Papay (MPP),
• Konbit Travayè Peyizan Pou Libere Ayiti (KONTRAPEPLA),
• CHANDEL,
• Kolektif Solidarite Pou Idantite ak Libète (KSIL),
• Komite Relèvman Divivye (KRD),
• Konbit Peyizan Nip (KPN),
• Coordination Des Militants Pour Le Developpement 11e et 12e / Petit-Goâve (CMD-OD),
• Federasyon Gwoupman Peyizan Bèlfontèn (FGPB),
• Platfòm Revandikatif Peyizan Latibonit (PREPLA),
• Fédération Nationale Des Producteurs de Riz Haïtien (FENAPRIH),
• Konbit Peyizan Grandans (KPGA),
• Mouvman Inite Pèp Okay (MIPAK)

Pou otantifikasyon :

Ernst MATHURIN / GRML.

Eveline LARRIEUX / SOFA.

Ollery SAINT LOUIS / Ayiti Djanm.

Pierre André GEFFRARD / KRPBB.

Guy NUMA / MODEP.