Nou menm, 30 òganizasyon manm Inisyativ pou Mete Kanpe Mouvman Patriotik Demokratik popilè, tèt nou chaje anpil devan move konsekans desizyon Tribinal Konstitisyonèl Dominiken an pran nan dat 26 sektanm 2013 la. Daprè desizyon sa a apeprè 250 000 sitwayen dominiken, fanm kon gason, ak tout jenerasyon pitit yo ki fèt an Dominikani soti lane 1929 rive jouk jounen jodi a, pèdi nasyonalite dominiken yo. Anvan lane 2010, Konstitisyon Repiblik Dominikèn te rekonèt tout moun ki fèt sou tè sa, te otomatikman gen nasyonalite Dominiken. Daprè prensip ki di lalwa paka tounen deyè si li pote pinisyon (retwoaktivite), Tout moun sa yo se Dominiken ak Dominikèn yo ye. Pifò moun mezi sa a frape, zansèt yo se ayisyen ak ayisyèn ki te ale an Dominikani depi kat jenerasyon pou al chache travay. Yo tap viv epi travay nan benefis peyi yo. Tout 250 000 sitwayen ak sitwayèn dominiken sa yo apati desizyon sa a, tounen moun ki pa gen ni nasyonalite, ni peyi, menm lè yo te fèt an Dominikani, menm lè leta dominiken te deja ba yo papye, yo pèdi tout dwa sa yo.
Nou menm manm Inisyativ MPDP, Se ak gwo enkyetid n ap konstate kouman plizyè gwoup rasis ki fè pati lelit k ap dirije ekonomi ak politik an Dominikani, ap sèvi ak sitiyasyon sa a, pou montre jan yo pa vle wè travayè ak travayèz ayisyen k ap viv an Dominikani. Yo anplwaye tout taktik pou fè ti dife boule nan mitan 2 pèp yo, espesyalman nan mitan moun k ap viv sou fontyè a menm lè y ap kontinye esplwate kouraj yo nan gwo konpayi konstriksyon, nan izin kann ak nan plantasyon agrikòl yo. Boujwazi dominiken an trete travayè ak travayèz ayisyen yo kòm si yo pa gen okenn dwa, yon konpòtman ki pa danse kole ak konvansyon ki rekonèt dwa tout travayè Repiblik Dominikèn siyen, tankou konvansyon Genèv ki rekonèt dwa travayè ki kite peyi yo.
Nou menm nan Inisyativ MPDP, se ak gwo desepsyon ak endinyasyon n ap konstate kouman pèp Ayisyen an ap viv nan yon Leta ki tounen yon bato san kapitèn, nan fason dirijan yo afiche konpòtman pouryanis yo fas ak sitiyasyon difisil anviwon 3 000 konpatriyòt ayisyen ak ayisyè depote ap travèse. Depi plis pase 3 mwa Tribinal Konstitisyonèl la fin pran desizyon sa a, Sèvis Migrasyon dominiken pa ezite anbake yon seri konpatriyòt ayisyen, voye yo tounen 2 men balan. Konpatriyòt sa yo pèdi tout byen yo te redi fè depi plizyè lane. Dirijan ayisyen yo pa leve menm ti dwèt yo pou defann ayisyen sa yo, ki retounen nan peyi a.
Nou denonse alyans chanpwèl pâti tradisyonèl ki sou pouvwa nan Repiblik Dominikèn fè ak estrèm dwa fachis la tankou Pati FNP ki rive mete lapât epi pran kontwòl anpil gwo enstitisyon enpòtan nan peyi a tankou :Tribinal Konstitisyonèl, Direksyon Jeneral ki regle zafè Migrasyon, Jent Santral elektoral la ki bay tout konsekans sa yo. Nou paka fèmen je nou tou, sou responsablite leta Dominiken ak leta Ayisyen genyen nan fason yo lage mouvman ale vini Ayisyen an Dominikani, nan men gwo konpayi ameriken ak Dominiken. Konpayi sa yo, nan lide pou yo kontinye fè pi gwo pwofi chak jou, pa jennen pou mete an pratik yon seri mezi ki te konn itilize nan tan lesklavaj.
Devan sitiyasyon sa yo, nou menm manm Inisyativ MPDP, n ap pouse yon gwo kout rèl solidarite anfavè travayè ayisyen yo ak lòt viktim desizyon rasis Tribinal Konstitisyonèl dominiken ak lelit peyi sa a. N ap ensiste, pou mande pèp Dominiken ak pèp Ayisyen kale je yo, louvri lespri yo pou konprann tout mannèv boujwazi ak Leta dominiken ap fè, pou pa kite yo pran nou nan pyèj.
Nou pwofite okazyon sa a pou felisite tout moun kèlkeswa kote yo ye, ki deja pran pozisyon kont sitiyasyon gwo ponyèt sa yo apati deklarasyon yo fè ak aksyon yo mennen. Onon Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, tout moun gen dwa pou yo viv nan yon peyi, tout moun gen dwa pou yo gen yon nasyonalite ak pou yo travay. Nou felisite tout moun ki pran kouraj yo a 2 men pou kondane, denonse tout konpòtman ki kontrè ak respè Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, patikilyèman sitwayen ak sitwayèn Dominiken yo, n ap panse ak 300 entèlektyèl dominiken yo, komite solidarité ak moun yo retire nasyonalite yo, anbasadè Ruben Silié Valdez, Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin Mr Ralph Gonsalves, sitwayen ak sitwayèn Ayisyen ki nan peyi a tankou sa k ap viv lòtbò yo.
Nou vle lanse sitou yon gwo kout rèl bay tout mouvman sosyal ayisyen an, mouvman sosyal dominiken an, mouvman sosyal Amerikdinò, Amerik Latin, Karayib ak Ewòp yo pou yo pran pozisyon epi mennen aksyon pou denonse epi kondane rasis dominiken yo, yon fason pou mete yon fren ak sitiyasyon sa a epi anpeche plis kriz eklate sou zile a. « Yonn nan leson nou tire nan jenosid ki te fèt sou Jwif yo, nan premye moman yo te retire nasyonalite jwif yo. »
Pòtoprens, 26 desanm 2013
Lis òganizasyon ki manm Inisyativ MPDP a :
Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP), Pati KAN PEP LA, Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK), Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS), Rasanbleman Pwogresis Sid (RPS), Kay Fanm, Oganizasyon politik Ayiti Djanm, Fòs Refleksyon ak Aksyon Sou Koze Kay (FRAKKA), Mouvman Revandikatif Peyizan San Tè / Latibonit (MRPST), Solidarite Ant Jèn (SAJ/Veye yo), Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville (KRPBB), Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), SEK GRAMSCI, Gwoup Refleksyon Moise Louverture (GRML), Mouvman Oganizasyon Gwoupman Peyizan Karis (MOGPK), Mouvman Oganizasyon Pou Devlopman ak Desantralizasyon Nò ak Nodès (MODOD), Kòdinasyon Rejyonal Nip (KORENIP), Konbit Pou Yon Lòt Ayiti (KPLA), Mouvman Peyizan Papay (MPP), Konbit Travayè Peyizan Pou Libere Ayiti (KONTRAPEPLA), CHANDEL, Kolektif Solidarite Pou Idantite ak Libète (KSIL), Komite Relèvman Divivye (KRD), Konbit Peyizan Nip (KPN), Coordination Des Militants Pour Le Developpement 11e et 12e / Petit-Goâve (CMD-OD), Federasyon Gwoupman Peyizan Bèlfonten (FGPB), Platfòm Revandikatif Peyizan Latibonit (PREPLA), Fédération Nationale Des Producteurs de Riz Haïtien (FENAPRIH), Konbit Peyizan Grandans (KPGA), Mouvman Inite Pèp Okay (MIPAK)
Pou otantifikasyon
Ernst MATHURIN / GRML
Eveline Larrieux / SOFA
Ollery Saint Louis / Ayiti Djanm
Pierre André Geffrard / KRPBB
Guy Numa / MODEP