Aller au contenu

Lèt tou louvri pou Dilma Roussef

Madanm Prezidan,

Nan non zansèt nou yo ki te fè Bwa kayiman epi batay pou libere Peyi D Ayiti anba kolonizasyon ak dominasyon kolon, nou menm nan kolektik òganizasyon k ap goumen pou MINUSTAH kite Peyi a epi pou fòse Nasyonzini dedomaje viktim kolera yo, nou salye w.


Nou menm divès oganizasyon ki nan kolektif la, nou mete vwa nou ansanm pou nou di w madanm prezidan :

– Pèp Ayisyen an gen lontan l ap di tout patwon MINUSTAH yo, li pa bezwen koli sa a ki vin tabli kò li nan peyi a depi premye jen 2004. N ap raple MINUSTAH te vin ranplase militè enperyalis meriken, franse ak kanadyen ki te debake nan peyi a, apre Aristid te fin pèdi pouvwa a, nan mwa fevriye 2004. Lajan k ap depanse pou okipe fòs kadejakè a nan peyi a ta kapab sèvi pou bay popilasyon an sèvis tankou : edikasyon, sante ak kay pou yo dòmi.

– Peyi D Ayiti konnen plis vyolasyon dwa moun pandan prezans fòs okipasyon yo nan peyi a ;

Nou menm òganizasyon manm kolektif la, menm jan ak anpil konpatriyòt nou yo toupatou nan peyi a, nou di pa gen anyen ki kapab jistifye prezans fòs okipasyon an nan peyi Dessalines nan. Dayè, ou konnen menm jan ak nou, prezans fòs okipasyon an pa kadre ni ak manman lwa peyi a, ni ak pwòp chat Nasyonzini an. Nan sans sa a, ou pa kapab kontinye ap mache sou dwa granmoun peyi a, menm jan presidan Lula te fè l pandan manda li a. Menm jan nou kwè ou gen anpil sansiblite pou dwa granmoun peyi w la, nou kwè nou menm tou, nou gen dwa pou nou viv nan yon peyi ki granmoun tèt li, kote se pa etranje k ap koupe rache ladan.

Madanm Prezidan, pa gen moun ki pa konnen :

– Se MINUSTAH ki pote kolera nan Peyi D Ayiti ki deja touye plis pase 7000 moun epi enfekte plis pase 500,000 lòt dapre chif ofisyèl yo ;
– Lajan MINUSTAH koute chak lane te kapab konstwi 71 mil kay chak lane. Kidonk, lajan k ap depanse nan MINUSTAH ta kapab ede anpil viktim tranbleman tè a soti anba moso twal chire sou channmas ak nan lòt “kan konsantrasyon” yo;
– Peyi D Ayiti klase pami peyi ki gen plis sekirite nan rejyon an, malgre pifò seksyon kominal nou yo pa gen yon grenn polisye. Kidonk, pifò peyi ki nan fòs Okipasyon MINUSTAH, Bresil an patikilye, Ayiti gen plis sekirite pase yo ;
– Prezans MINUSTAH a, se yon souflèt pou pèp ayisyen an ak pou zansèt nou yo ki te goumen anpil pou wete peyi dAyiti anba grif kolon blan tout kalte epi ki te sèmante pou ti bout tè sa a rele nou chè mèt, chè mètrès ;
– Nan mwa out 2010, sòlda nan MINUSTAH pann /asasine nan yon baz militè Nasyonzini nan Okap Ayisyen yon jenn gason ki rele Gérald Jean Gilles ;
– Sòlda MINUSTAH imilye menm polisye ak ofisyèl nan gouvènman oswa nan palman an elatriye ;
– Militè brezilyen ki nan fòs okipasyon an pa janm ezite vyole otonomi Inivesite a . Youn nan ka ki te plis revòlte nou kòm ayisyen, se lè militè brezilyen yo te rantre andedan Fakilte Etnoloji epi arete, imilye etidyan Frantz Mathieu Junior, nan dat 24 me 2010;
– Nan dat 14 desanm 2011, militè brezilyen nan MINUSTAH maltrete yon seri konpatriyòt epi lage yo nan titanyen. RNDDH ki se yon òganizasyon dwa moun nan peyi a, te fè soti yon rapò sou ka sa a;
– Nan mwa jiyè 2011, Militè Uruguayen fè kadejak sou Johnny Jean nan Pòsali, yon vil ki nan depatman sid la ;
– Nan moman nou ekri w lèt sa a, n ap fè w konnen, Nasyonzini ap mennen yon swadizan ankèt sou kadejak sòlda MINUSTAH fè sou yon ti adolesan 14 lane nan Gonayiv;
– Peyi D Ayiti, jounen jodia, tounen yon moso gato pou kominote entènasyonal la, ONG malfini yo ak antrepriz miltinasyonal yo.

Pou tout rezon sa yo, madanm prezidan, nou menm divès òganizasyon manm Kolektif la n ap renouvle demand sa yo bay gouvènmen peyi Brezil w ap dirije a :

– Pou tout peyi ki toujou di y ap defann dwa granmoun pèp yo, kouwè Bresil an premye, retire twoup yo prese prese nan peyi a ;
– Pou tout viktim kolera, kadejak ak represyon MINUSTAH fè nan peyi a, jwenn jistis ak reparasyon sivil, jan sa prevwa deja nan Nasyonzini ;
– Pou tout peyi nan rejyon amerik Latin/Karayib la mande ofisyèlman Nasyonzini retire MINUSTAH nan peyi D Ayiti san pèdi tan, pou jenn gason ak jenn fanm yo ka sispann pran imilyasyon kadejak anba men sòlda fòs okipasyon an ;
– Pou gouvènmen Brezilyen an sispann sipòte zak brital MINUSTAH kontinye ap fè nan peyi D AYITI ;

Nou menm nan Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomaje Viktim Kolera yo, nou kwè li enpòtan anpil pou dirijan Brezil yo sispann twonpe pèp Brezil la sou zafè MINUSTAH, nan fè yo kwè se sekirite yo vin bay ann Ayiti. Li enpòtan pou pèp Brezil la konnen, se enterè kapitalis la, sitou gwo antrepriz transnasyonal yo, MINUSTAH vin defann nan peyi a. Se poutèt sa n ap mande w prezidan, pou fè tout sòlda Brezilyen yo mare pakèt yo, al fè wout yo san pèdi tan. Nou pa vin mande w pou retire yon ti ponyen sòlda jan w vle fè a. Se tout fòs okipasyon an ki pou pati. Konsa, dirijan Brezil yo va montre yo gen respè pou pèp Brezil la ak pou diyite peyi D AYITI.

Madanm Prezidan, li enpòtan pou n raple w, Ayiti se yon peyi ki granmoun, pèp la pap janmen met ajenou devan okenn fòs okipasyon. Se vre, n ap viv yon moman ki difisil kote se pwòp dirijan nou yo k ap konplote ak nouvo kolon yo sou do peyi a. Men, se pa yon rezon pou nou fè bèk atè.

Pandan n ap tann ou anonse depa san pèdi tan, tout militè Brezilyen yo, n ap pwofite di w mèsi madanm Prezidan.

Pou Kolektif la

Yves Pierre-Louis

Josué Mérilien

Guy Numa

Siméon Wisly