Aller au contenu

Mesaj kolektif Oganizasyon kap Defann Dwa Lojman devan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) ak Lekòl Nòmal Siperyè (ENS)

Se ak anpil emosyon nap kanpe Jodi a devan FLA ak ENS pou nou salye viktim gougoudou 12 janvye 2010 la. Nou pèdi anpil etidyan, nou pèdi anpil pwofesè, nou pèdi anpil achiv pedagojik ak rechèch. Sektè edikasyon an se youn ki soufri piplis. Jou sa a plis pase 3978 lekòl te kraze nan yon peyi kote pat genyen ase lekòl pou resevwa timoun ak jèn kap chache moso ledikasyon. Jis jounen jodia anpil lekòl ak Fakilte ap travay nan move kondisyon anba abri pwovizwa ki pa pare solèy ki pa pare lapli.


Nap salye tout moun, tout travayè ledikasyon ki bay tout vi yo ak yon moso lakre nan men yo pou eseye transmèt konesans, vale, ak lanmou pou peyi a (savoir-faire / savoir-être). Plizyè milye pwofesè peri jou sa a.
Nap salye memwa Jan Anil Lwijis ki tonbe ansasinen anba bal kèk lè anvan trajedi 4è53 pm nan. Nap salye kouraj li nan akonpaye batay Pep la ak gwo kontribisyon li bay nan batay kont ideyoloji dominant la. Nap salye Dwayen Pierre Vernet ki te pase tout vi li ap fè pwomosyon lang kreyòl la ak rechèch pou ankouraje itilizasyon lang sa a nan enstitisyon peyi a. Nap salye Georges Angalde ki chanje anseyman jeografi nan peyi a ak. Nap salye anpil lòt travayè ledikasyon ak entelektyèl ak atis ki tonbe jou sa a pandan yo tap anseye, pandan yo tap kreye, pandan yo tap eseye panse Ayiti. Ayibobo pou yo. Yo pa dwe mouri pou granmèsi.
Nou menm òganizasyon ki nan kowalisyon an nap di kesyon ledikasyon an se dwe yon pilye fondamantal nan konstriksyon peyi a.
Kijan nou ka onore memwa tout travayè ledikasyon ki tonbe yo? Kijan nou ka aprann de eksperyans gougoudou a ?
· Nou dwe fè yon veritab revolisyon nan sistem edikasyon peyi nou
· Nou dwe bati Yon edikasyon ki makonnen ak istwa e ak kilti Pèp la
· Yon edikasyon inivèsèl ki pèmèt tout pitit peyi jwenn enstriksyon, fòmasyon ak tout zouti lakonesans ki ka pèmèt yo konstwi idantite endividyèl ak idantite kolektif la e ki ka pèmèt yo devlope tout kapasite yo genyen kòm moun.
· Yon edikasyon de kalite ki makonnen ak evolisyon lasyans
· Yon edikasyon ki konekte ak pwoblèm peyi e ki kontribye nan jwenn solisyon a defi nasyon an genyen
· Nou dwe entwodwi yon demi jounen edikasyon anviwonmantal nan tout nivo anseyman pou konekte elèv yo ak etidyan ak reyalite fizik peyi a. Anmenm tan yap aprann prepare tèt yo douvan tout kalite risk (tranbleman tè, siklòn, Tsunami, inondasyon, sechrès, elatriye, ..) Lekòl ak Inivèsite yo dwe tounen yon fòs nan rekonstitisyon Kapital bwaze nan peyi a.
Nan kad sa a Anseyman siperyè a gen gwo reskonsabilite nan chanjman revolisyonè sa a. Nou konstate edikasyon pa yon priyorite pou Leta peyi a piske li jwenn sèlman 5 % nan bidjè nasyonal la. Inivèsite Leta jwenn sèlman 0.7% nan bidjè Leta a. Sitiyasyon sa a pa ka kontinye. Demann la ogmante bidjè rete menm nivo a. Fòk nou fè tout sa nou konnen pou ranfòse sistèm anseyman siperyè atravè ranfosman UEH la. Li enpòtan pou nou konstwi yon sistem anseyman piblik siperyè inifye ki chita sou yon vizyon nasyonal e ki jwi otonomi ak endepandans ki ka pèmèt li devlope lespri kritik, ak konesans, ak kreyativite ki ka pèmèt nou transfòme reyalite peyi a.
Nan sans sa fòk inivèsite Limonad la entegre nan UEH la pandan nap ranfòse desantralizasyon anseyman siperyè a.

ABA SISTÈM EDIKASYON PÈPÈ

VIV YON REVOLISYON NAN ANSEYMAN!

VIV YON INIVESITE GRAN MOUN KI OSEVIS YON PWOJÈ NASYONAL.

VIV UEH AK KONTRIBISYON LI KA POTE NAN REVOLISYON SISTÈM EDIKASYON NOU BEZWEN AN.

KOLELKTIF POU DEFANN DWA LOJMAN

Batay Ouvriye, DOP, FRAKKA, GARR, PAPDA, POHDH, SJR-Ayiti