Aller au contenu

« Sis mwa apre dekonstonbray » yon powèm Tontongi

Sis mwa apre dekonstonbray

Se yon sèl traktè moun wè sou Granri

Yon sèl vila an mab souvnans nan plantasyon

Chaje ak motif neokoloni sou Dèlma.

Pil debri kontinye makiye Pòtoprens

Zantray li dyondyonnen pil tant pou moun dòmi.

.


Sis mwa apre dekonstonbray

Koup Mondyal detounen kout lanmèd malpwòpte

Gòl Forlan ak Inyesta defoule reyalite malouk

Bellerive ak Clinton mande pou lajan debouse

Sot lakay peyi gwo zouzoun ki sèmante sèt fwa

Devan Loni pou ede rekonstwiksyon ak kout kreyon

Sou lokipasyon dan griyen malandren an kas ble

San fè meya kulpa pou diri k’ap toupizi agrikilti.

.

Anpil tan apre dekonstonbray

Peyi a kontinye depeple opaotwoogalop

Osekou pou sove madichon pran lepa

Tout sa k pèdi yo rete gwo pèdan nan ran ban

Pwofitè anvayi toupatou nan lakou kay Kwakou.

.

Anpil tan apre dekonstonbray

Ankenn pwomès pa janm reyalize

Kòlèk Bò-de-mè rete byen eskanpe

Menm fo komedi pa fè Lafrans debranle

Yo ret refize peye pou vòl endemnite.

.

Sis mwa tan apre dekonstonbray

Tout sa k pèdi yo rete gwo pèdan nan ran ban

Sivivan poko pran bouk chandèl

Mande ladelivrans pou Ayiti Toma.

Anpil tan apre dekonstonbray

Apre tout emosyon anba kadran je CNN

Anderson Cooper ak Doktè Gupta lage bon dokiman

Lajan pa janm deplase sot nan bous Tonton Nwèl.

Anpil tan apre dekonstonbray

Revolisyon ret toujou yon sèl solisyon.

.

Tontongi, jiyè 2010