Biwo Ekzekitif PAPDA envite nou li, debat e difize priz pozisyon plizyè òganizasyon sou pwoblèm lavichè. Nan tèks la nap jwenn yon analiz enteresan sou kòz fenomèn sa a kap toupizi mas popilè yo.
Pozisyon plizyè òganizasyon sou lavichè a nan kontèks entèpelasyon gouvènman Aleksi a
Nan dènye moman sa yo, nou byen kontan tande kouman dosye lavichè a enterese plizyè sektè nan sosyete a. Menm moun k ap benefisye lavichè a ap rele anmwe. Etranje kou ayisyen ki nan palman Ayisyen an, montre pwoblèm lavichè a ta sanble enterese yo. Men, lè nou suiv kalite solisyon k ap pwopoze yo, pifò ladan yo, se solisyon ki kapab lage peyi a pifon nan mizè, chomaj ak depandans.
Pou sèten palmantè ak boujwazi a, se taks ki pou redui sou pwodui enpòte yo. Solisyon tèt chaje sa a pa kanpe sou anyen. Li riske lage peyi a nan plis depandans toujou nan zafè lamanjay. Politik ekonomik neyoliberal k ap aplike nan peyi a depi sou Janklod Divalye rive sou Preval, preske fin touye pwodiksyon nasyonal la. Kalite solisyon pwazon rat sa a ap antere pwodiksyon nasyonal la nèt. Ayiti se peyi ki gen tarif dwanye ki pi ba nan tout karayib la (0% sou farin, ant 0-3 % sou diri), si bès tarif dwanye yo te konn bese lavichè, tout moun nan karayib la, se nan peyi Dayiti yo t ap vin manje tèlman tarif dwanye yo ba. Eksperyans ki fèt deja montre aklè pwopozisyon sa a pa bay rezilta. Pa egzanp, malgre anpil boujwa te gen franchiz dwanye, pwodui yo pat janm sispann monte.
Prezidan repiblik la di se pwodiksyon nasyonal ki pou bese lavichè a. Men, li pa fè okenn jefò pou ranfòse pwodiksyon nasyonal la. Okontrè, prezidan repiblik la ak tout gouvènman an fè anpil mirak pou kontinye detui pwodiksyon nasyonal la nan kad aplikasyon politik neyoliberal la. Nan premye manda Prezidan an, li te konn site anpil mo refòm agrè a. Li te menm kòmanse fè yon ti bagay ki te sanble ak refòm agrè nan latibonit. Men, nan dezyèm manda a, pawòl sa a pa pale ditou. Eske se FMI ak Bank Mondyal ki pa vle sa ? Pou nou menm, tout jefò pou ranfòse pwodiksyon nasyonal la epi pwoteje anviwonnman an k ap depafini, dwe makònen ak yon bonjan refòm agrè.
Pou nou, òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou kwè:
1) Pwoblèm lavichè a se rezilta konsantrasyon richès peyi a nan men yon ti ponyen moun k ap dòmi gonfle alòske pifò popilasyon an ap viv nan grangou ak nan chomaj.
2) Lavichè a se tou, rezilta politik neyoliberal k ap aplike nan peyi a depi sou janklod Divalye rive sou pouvwa Preval/Aleksi a. Politik neyoliberal yo pa janm bay lòt rezilta nan tout peyi kote yo aplike. Nou sonje gwo kriz ki te pete nan peyi Ajantin nan lane 2002. Nivo mizè ak chomaj, laboratwa neyoliberal la te pote nan peyi Ajantin, te oblije pifò popilasyon an te leve kanpe.
3) Lavichè a se rezilta tou, kriz politik ki toujou ap brase bil peyi a depi 200 lane. Batay pou pouvwa a toujou okipe tout tan aktè politik yo. Yo pa janm montre yo enterese ak kesyon amelyorasyon kondisyon lavi mas yo, menm si se podo mas yo ki sèvi nechèl pou politisyen yo al pran pouvwa.
Lè nou konsidere sitiyasyon malouk n ap viv jounen jodi a ak konpleksite sitiyasyon sa a, nou panse kesyon lavichè dwe poze an pwofondè. Si nou poze pwoblèm lavichè a san gade oryantasyon politik ekonomik gouvènman an, n ap pase akote pwoblèm nan. Nan sans sa a, nou panse lavichè a jounen jodi a, mande 2 kalite solisyon : solisyon mwayen tèm ak solisyon imedya.
Solisyon mwayen tèm
1) Travay tout bon, san demagoji pou ranfòse pwodiskyon nasyonal la nan peyi a, nan tabli yon bonjan refòm agrè pou peyizan yo jwenn tè pou yo travay, ankadreman teknik ak kredi agrikòl pou yo pwodui nan bon kondisyon.
2) Divòse ak politik neyoliberal la ki se yon laboratwa mizè, chomaj ak ensekirite
3) Tabli ak patisipasyon divès sektè nan peyi a, yon pwogram nasyonal devlopman ki chita sou enterè peyi a, sitou sou enterè mas moun ki pi pòv yo
4) Devlope yon politik anplwa nan tout peyi a. Nan sans sa a, pouvwa anplas la dwe sispann revoke anplwaye nan antrepriz leta yo, jan sa ap fèt nan Teleko. Pouvwa a dwe reyentegre anplwaye revoke yo epi dedomaje ak 3 lane pou pi piti, tout anplwaye ki pa deside tounen nan Teleko ankò.
Solisyon imedya (prese prese)
Sitiyasyon ki gen jounen jodi a paka rezoud nan demagoji ak nan pale anpil. Fòk gen zak konkrè ki poze san pèdi tan. Pami zak konkrè sa yo, pouvwa anplas la dwe :
1) Fikse/kontwole pri tout pwodui ak sèvis premye nesesite yo, yon fason pou kontwole maj benefis operatè prive yo ap fè sou pwodui premye nesesite yo ak sèvis tankou sante, edikasyon, lwaye kay elatriye.
2) Sibvansyone zouti pou peyizan yo travay, angrè, gaz pwopàn elatriye, epi bay peyizan yo kredi pou anpeche yo al pran ponya, pou pèmèt popilasyon an rale yon souf anba lamizè a. Nou konnen gouvènman an ap kontinye di, FMI pa vle politik sibvansyon an. Gouvènman an dwe konnen, li gen pou li chwazi ant remèd chwal FMI an ak popilasyon ki te vote l la. Si pouvwa a kontinye nan vwa FMI ak Bank Mondyal la, l ap koupe pwòp branch ki kenbe l yo epi l ap fouye twou pou antere tèt li.
3) Remete kanpe magazen leta yo ( sèvis apwovizyonnman ), nan tout peyi a, jan sa prevwa nan dekrè oktòb 1989 la.
4) Ogmante prese prese salè minimòm nan a 250 goud, pou travayè ak travayèz yo ka rale yon souf anba lamizè. Ogmantasyon 3 al pou 7 goud komisyon trèt patipri (komisyon tripatit) a pale a pa kanpe sou anyen.
5) Kanpe sou kesyon peye dèt enstitisyon finansyè entènasyonal yo epi sèvi ak lajan dèt la pou amelyore kondisyon lavi mas popilè yo.
Pou :
MODEP, Guy Numa
Chandèl, Joseph Milouse
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, Rosnel Jean-baptiste
COVISEP, Jean Charles Wilgens
MORAP, Moïse Fritz Evens