Aller au contenu

Deklarasyon Inisyativ MPDP nan okazyon 28 lane anivèsè 7 fevriye a

7 fevriye 2014 sa a fè egzakteman 28 lane depi pouvwa diktati Divalye yo tonbe. Pouvwa Divalye yo te tabli nan peyi a yon rejim krazezo ak laterè ki te enpoze baboukèt ak laperèz nan mitan tout fanmi, andeyò tankou lavil. Rejim diktati a te rive blayi epi enpoze l nan peyi a, gras ak gwo apwi li te jwenn nan men gwo pisans entènasyonal yo, espesyalman gouvènman ameriken ak franse, epi yon sektè nan boujwazi peyi a, oligachi a.


7 fevriye 1986, deboulonay pouvwa bout di Divalye yo se te aboutisman plis pase 20 lane batay pèp ayisyen an pou reklame libète lapawòl li ak yon lòt kalite Leta kote revandikasyon mas popilè yo te kapab jwenn satisfaksyon. Pèp ayisyen an te rive rache viktwa sa a aprè anpil batay ak gwo sakrifis, pami yo kadav plis pase 30 000 patriyòt ak militan, fanm kon gason, nan tout milye, sitou nan milye peyizan, ouvriye, jèn, etidyan, entèlektyèl, nan mitan klas mwayèn yo, men tou nan mitan kèk sektè nan boujwazi a ak nan mitan ayisyèn ak ayisyen ki t ap viv lòt bò dlo.

Mouvman sosyal ki te rive kreye kondisyon pou chavire pouvwa Divalye yo, se te rezilta : 1) yon bann travay konsyantizasyon ak òganizasyon, nan peyi a tankou lòt bò dlo; 2) yon gwo lit rezistans pou te rive diskredite, izole rejim lan epi mobilize tout popilasyon an; 3) gwo jefò inite pou aji ansanm epi an menm tan, nan mitan patriyòt, demokrat ak pwogresis nan peyi a kou aletranje. Se sa ki te rive fè alye nasyonal kou entènasyonal pouvwa diktati a te sètoblije lage Jan Klod Divalye ak fanmi l.

Batay kont rejim diktati sa a, se pat sèlman yon leve kanpe pou fè fanmi Divalye yo ak akolit li yo kite pouvwa a. Se pat yon mouvman sèlman kont makout ak kont lame kraze zo a. Se te yon mouvman sosyal ki te vize yon chanjman nan sosyete a ak nan Leta a. Mouvman demokratik popilè sa a te charye yon pwojè politik ak ekonomik pou yon lòt peyi, yon pwojè ki te manifeste atravè yon pil ak yon pakèt revandikasyon. Pami revandikasyon sa yo, Inisyativ MPDP a ap raple :
1. Kaba Leta trradisyonèl, diktatoryal la epi konstwi yon Leta demokratik;
2. Tabli souverènte popilè a nan peyi a epi retire l anba dikta gwo pisans yo;
3. Respè libète ak dwa moun yo, lavil kou nan milye riral la, fanm kou gason;
4. Libète laprès ak dwa pou moun yo fè epi antre nan òganizasyon sosyal kou politik, ki dwe fonksyone san antrav bò kote Leta;
5. Amelyore kondisyon lavi tout popilasyon an espesyalman klas defavorize yo nan sosyete a;
6. Pwoteje anviwonnman ak resous peyi a epi pèmèt travayè latè yo jwenn tè pou yo travay ak akonpayman;
7. Patisipasyon pèp la nan desizyon k ap pran nan peyi a.

Men, kisa nou konstate jodi a nan Inisyativ MPDP a:

Chanjman pèp la t ap mande a poko janm rive paske fòs reyaksyonè yo andedan kon deyò peyi a detounen l nan wout li. Gen gwo danje ki peze sou gany ak konkèt demokratik ak popilè mouvman sosyal 1986 la te rive fè yo. Otorite Leta yo kou pisans entènasyonal ki gen gwo enterè nan peyi soti pou pilonnen konkèt sa yo, lè se pa nan betiz yo pase yo. Diferan ekip ki monte nan tèt Leta a depi 1986 gen tandans chache retounen ak rejim otoritè laperèz la epi yo toujou kontinye mete pèp la sou kote nan desizyon k ap pran yo. Konstitisyon 1987 la, malgre fay li te ka genyen, te trase yon liy men otorite yo pa janm vle mete annaplikasyon jouk yo kreye kondisyon pou depatcha l nan yon amannman tèt chat. Eleksyon tounen seleksyon nan yon zafè gwo lajan dola vèt, vòl, koken ak fòs gwo zam lou, anba kontwòl KEP ki sou lobedyans pouvwa ekzekitif yo epi ki jwenn benediksyon kèk gwo pisans entènasyonal.

Aplikasyon divès pwogram ajisteman estriktirèl youn dèyè lòt fin kraze pwodiksyon nasyonal la epi louvri vant peyi a byen laj pou tout vye pwodui lòtbò antre. Majorite klas sosyal nan peyi a, espesyalman klas popilè yo, ap vin pi pòv chak jou. Boutofen, gwo pisans entènasyonal yo pwofite okazyon kriz politik ak sosyal, yo menm te pwovoke nan anpil ka, pou mete peyi a anba titèl degize. Depi 2004, men pi espesyalman avèk kriz imanitè apre tranblemantè a, titèl gwo pisans entènasyonal yo montre vrè figi l, ki se yon veritab okipasyon. Depi lè sa a gwo menas pandye sou richès peyi a genyen anba tè ak anba lanmè l. Sèl gwo pwojè k ap fèt nan peyi a, se pou fè l tounen yon gwo zòn franch pou faktori ranmase fòs kouraj travayè yo pou granmesi, pran bon tè agrikòl yo pou mete beton oswa fè yo tounen zòn franch agrikòl oubyen pou touris. Tout gwo antrepriz Leta yo fin likide bay gwo konpayi etranje yo dirèkteman oubyen endirèkteman.

Pandan peyi a anba okipasyon epi pwojè piyaj la ap deplòtonnen, divalyeris yo ap rasanble fòs pou reprann kontwòl total pouvwa politik la. Pouvwa Martelly /Lamothe ki anplas la, gras ak deriv ak pèvèsyon pouvwa Lavalas yo epi benediksyon gwo pisans entènasyonal yo, enstale yo epi pwoklame tèt yo kòm yon rejim ki vle resisite rejim divalyeris la nan figi pèp ayisyen an. Sa ki klè pou tout moun, mòd jesyon Leta, pouvwa sa a ap swiv la sanble tèt koupe ak pa Divalye yo.

Men pwojè gwo pisans entènasyonal yo ak oligachi a genyen pou fè Ayiti tounen yon gwo zòn franch, pou louvri vant li disèt lajè epi ranmase tout resous natirèl peyi a genyen, ap naje nan yon gwo kontradiksyon. Yon bò, fòk yo bay yon fasad demokratik, yon lòt bò, pwojè a pa ka devlope san yon Leta krazezo. Se sa ki fè yo kite devlope nan peyi a yon sistèm ki chita sou enpinite ak enjistis. Konsa toutotan sa nesesè pap ka genyen ni demokrasi, ni diktati. Men kondisyon ap reyini pou piyay, imilyasyon, eksplwatasyon, dominasyon ak koripsyon kontinye pou pi rèd nan peyi a.

Inisyativ MPDP a kwè pou retire Ayiti nan tchouboum fòs reyaksyonè nasyonal ak entènasyonal soti pou lage l la a, konstriksyon yon lòt mouvman sosyal nesesè nan peyi a. Yon mouvman sosyal nouvo ki tire leson nan eksperyans tout mouvman demokratik popilè peyi a konnen nan istwa li epi ki pran dispozisyon pou rive mete anplas epi devlope yon lòt pòl politik patriyotik, demokratik ak popilè pou reprann peyi a nan men epi soti l anba okipasyon san non sa a. Se nan sèl kondisyon sa a pèp la ap kapab rive chanje Leta tradisyonèl sa a pou bati yon nouvo Leta nasyonal, demokratik ak sosyal nan peyi a.

Pwojè pisans entènasyonal yo ak oligachi a genyen pou Ayiti a pap janm kapab pote amelyorasyon ak respè diyite pou popilasyon an, sòf pou ti minorite k ap fè gwo lajan yo. Pou rive konstwi nouvo pòl politik sa a, Inisyativ MPDP a ap lanse yon apèl bay tout patriyòt, tout demokrat, tout pwogresis konsekan yo ak tout mas popilè yo, andeyò tankou lavil, pou yo : 1) pran reskonsablite istorik yo, 2) ini yo sou baz enterè peyi a ak pèp la , 3) pran wout pou bati yon pwojè ekonomik, sosyal, kiltirèl ak politik altènatif, 4) konstwi ansanm yon enstriman sosyal ak politik ki pou rive libere peyi a.

Pòtoprens 7 fevriye 2014
Inisyativ MPDPinimpdp2014@yahoo.fr

Lis òganizasyon ki manm Inisyativ MPDP:

• Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP),

• Pati KAN PÈP LA,

• Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA,

• Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK),

• Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS),

• Rasanbleman Pwogresis Sid (RPS),

• Kay Fanm,

• Ayiti Djanm,

• Fòs Refleksyon ak Aksyon Sou Koze Kay (FRAKKA),

• Mouvman Revandikatif Peyizan San Tè / Latibonit (MRPST),

• Solidarite Ant Jèn (SAJ/Veye yo),

• Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville (KRPBB),

• Mouvman Demokratik Popilè (MODEP),

• SEK GRAMSCI,

• Gwoup Refleksyon Moise Louverture (GRML),

• Mouvman Oganizasyon Gwoupman Peyizan Karis (MOGPK),

• Mouvman Oganizasyon Pou Devlopman ak Desantralizasyon Nò ak Nodès (MODOD),

• Kòdinasyon Rejyonal Nip (KORENIP),

• Konbit Pou Yon Lòt Ayiti (KPLA),

• Mouvman Peyizan Papay (MPP),

• Konbit Travayè Peyizan Pou Libere Ayiti (KONTRAPEPLA),

• CHANDEL,

• Kolektif Solidarite Pou Idantite ak Libète (KSIL),

• Komite Relèvman Divivye (KRD),

• Konbit Peyizan Nip (KPN),

• Coordination Des Militants Pour Le Developpement 11e et 12e / Petit-Goâve (CMD-OD),

• Federasyon Gwoupman Peyizan Bèlfontèn (FGPB),

• Platfòm Revandikatif Peyizan Latibonit (PREPLA),

• Fédération Nationale Des Producteurs de Riz Haïtien (FENAPRIH),

• Konbit Peyizan Grandans (KPGA),

• Mouvman Inite Pèp Okay (MIPAK)

Pou otantifikasyon :

Ernst MATHURIN / GRML

Eveline Larrieux / SOFA

Ollery Saint Louis /
Ayiti Djanm

Pierre André Geffrard / KRPBB.

Guy Numa / MODEP