Aller au contenu

Arete, jije Divalye pou krim kont limanite ak dwèt long siperyè

Jedi 21 fevriye 2013 k ap vini la a, ansyen diktatè Janklod Divalye ta dwe prezante devan Lakou Dapèl pou reponn kesyon lajistis pou krim li te fè nan rejim nan. Apre ansyen diktatè a te fin debake nan peyi a, nan dat 16 janvye 2011, plizyè viktim rejim Divalye a te al pote plent pou zak yo te viktim pandan rejim makout la. Men, depi Mateli fin pran pouvwa a, tout moun konstate se gwo pwoteksyon ansyen diktatè kriminèl dwèt long lan jwenn bò kote pouvwa anplas la. Nan okazyon selebrasyon 2e anivèsè tranbleman tè 12 janvye a, tout moun te konstate ansyen diktatè a te kanpe tèt frèt bò kote prezidan repiblik la ak Bill Clinton, pou pase viktim yo nan betiz. Nan dat 22 sektanm 2011, plizyè tonton makout, ladan yo Renold Georges ak Osner Févry te al twouble yon prezantasyon Amisti Entènasyonal t ap fè nan Otèl Le Plaza sou zak diktatè a. Nan dat 16 desanm 2011, ansyen diktatè a te al jwe wòl parenn yon pwomosyon etidyan nan dwa gonayiv, san kè li pat sote akòz pwoteksyon li jwenn nan men pouvwa a ak mepri pouvwa a pou viktim yo. Tout pandan ansyen diktatè a te sou kontwòl lajistis, li te toujou sikile toupatou kote li vle nan peyi a. Sa ki te montre aklè ansyen diktatè kriminèl la te toujou jwenn bonjan pwoteksyon nan men pouvwa Martelly a.


Anplis sa, pratik gwo ponyèt pouvwa anplas la ap deplòtonnen jounen jodi a, vin bay ansyen diktatè a ak kolonn makout yo plis lapè nan tèt toujou, pandan lapenn viktim yo ap grandi. Se sa ki fè nan okazyon konvokasyon ansyen diktatè a devan Lakou Dapèl, nan dat 7 fevriye 2013, gen tonton makout ki te menm fè agresyon sou militan ki t ap mande jijman Divalye devan baryè pakè a. Tonton makout yo vin pi awogan, yo pran pòz bandi legal yo. Se pou sa n ap pwofite okazyon sa a, pou nou denonse ak tout fòs nou, pratik makout braslè woz k ap devlope nan pouvwa Martelly/Lamothe la. Pami pratik sa yo, nou ka site : arestasyon depite an fonksyon, arestasyon ak anprizonnman militan lavalas yo, zak represyon sou jounalis, konpòtman TIBOBO, Bòs Pent plizyè moun ki nan ekip sekirite palè nasyonal ak pwòch pouvwa a epi kominike baboukèt ministè lenjistis la.

Si nou pa leve kanpe, diktati ak tonton makout ap tounen sou nou

Nan okazyon konparisyon ansyen diktatè a devan Lakou Dapèl nan dat 21 fevriye k ap vini la a, tout demokrat, militan pwogresis, revolisyonè ak viktim Divalye yo dwe pote kole pou vin mande jijman ansyen diktatè a ak tout akolit li yo ki te nan rejim nan. Si nou pa leve kanpe, viktim rejim makout la pap jwenn jistis epi diktati k ap boujonnen an ap chita sou lestomak nou. Se pou sa nou mande tout moun ki pa vle pou diktati retounen nan peyi a, pou yo pote kole ak viktim Divalye yo devan pakè sou bisantnè, jou jedi 21 fevriye a, a 10zè nan maten.

Aba diktati ! Aba pratik makout braslè woz!

Viv Pwosè rejim nan !

Viv bonjan Jistis pou tout viktim rejim bout di Divalye a

Pou Otantifikasyon:

Jean Louis LOUIS

Petit-Jean DERINX

Guy NUMA