Aller au contenu

Konjonkti Elektoral: Dokiman Echanj pozisyon

Dokiman Echanj pozisyon ant Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA) ak Oganizasyon peyizan patnè li yo sou konjonkti elektoral la.


Ki sa PAPDA ye ?

Se yon Platfòm ki regwoupe 9 lòt òganizasyon ak enstitisyon tankou SOFA, ANDAH, ICKL, MITPA, FONHADES, CRAD, OPEDA, ITECA et Inter-OPD. PAPDA ki te pran nesans an novanm 95 nan objektif pou :

– Fome, enfòme pèp la sou desizyon piblik Leta ap pran nan peyi a ak nan nivo entènasyonal
– klewonnèn batay kont plan neoliberal Leta ayisyen ap aplike nan peyi a e ki ap depafini ak pwodiksyon nasyonal la
– pouse batay kont move zak Enstitisyon Finansye Entènasyonal tankou FMI, Bank Mondyal, BID ak lòt ankò
– fòse Gouvènman yo mete mekanis ki pmete mekanis ki pèmèt mas popilè patisipe an desizyon sosyal ak ekonomik yo
– ankadre mas popilè a, peyizan yo pou chache altènatif a sistèm peze souse sa a, chache altènatif pou peyizan yo reziste epi pou transfòme lavi yo

Konsta

Jodi a PAPDA wè li paka rete de bwa kwaze devan gwo konplo kap fèt sou do pèp la ki ap soufri anba okipasyon. Devan enperyalis la ki toujou pran eleksyon pou pale demokrasi, eleksyon reprezante pou yo zouti pou antre nan sak paregade yo anndan peyi yo. Fòm demokrasi sa yo pa bay rezilta okenn kote, modèl demokrasi sa yo se latwoublay politik yo pote anndan peyi yo, se ògmante koripsyon, se kreye konfizyon, se pèmèt peyi a pèdi kontwòl espas tèritoryal li, se kraze òganizasyon popilè, se ògmante mizè pou pèmèt yo gen plis fòs pou yo penetre anndan enstitisyon nou yo.

Lè PAPDA ap gade peyi a ki anba okipasyon. Gouvènman Bonifas -Latòti a olye yo pran dispozisyon pou amelyore sèvis sosyal nan peyi a tankou, edikasyon, sante, dlo potab, wout, bay kredi pou peyizan pwodui manje, elatriye se pito pran dispozisyon pou toupisi pèp la nan fè yo pèye plis taks.

Lè nou gade peyizan yo pa gen rekòt ankò pou pote nan mache, yo rele, yo kriye, yo pale, yo bat tenèb, Gouvènman restavèk sa a pa tande yo, Gouvènman an toujou tande gwoup ti boujwa konprador kap toupizi pèp nan achte lòt bo dlo pou revann tèt nèg nan peyi a. Gouvènman sa a zorey li bon pou tande FMI, Bank Mondyal, BID ak dikta politik Ambasadè gwo pwisans yo.

Lidè politisyen san vègoy, sanwont sansantiman kontinye kwè se mouche blan ki pou ba yo valè. Yo pa kwè nan pouvwa pèp la ka ba yo, yap taye banda sou okipasyon an epi sa pa di yo anyen mènm si peyi a ap vann.

Gouvènman Bonifas-Latoti a bay yon konpayi dwa pou eksplwate resous peyi a gen anba lanmè kote nan yon sèl bato sou 238 lòt ki anba lanmè, konpayi sa a deja jwenn richès li mete alavant ki vo plis pase yon milya dola ameriken.

Lè n ap gade sitiyasyon viktim inondasyon nan Gonayiv, nan Mapou, nan Fon Vèrèt, nan Grann salin Latibonit ak nan tout lòt kwen nan peyi a anyen pa fèt pou ede mas la ak mizè nwa a.

Ki objektif dokiman sa a ?

PAPDA voye dokiman sa a bay tout òganizasyon peyizan patnè li yo nan objektif pou li pataje ak yo pozisyon li nan konjonkti eleksyon sa a.

Ki bò batay peyizan yo rive

Peyizan yo pa janm sispan batay. Nou sonje batay kako yo. Pikè, batay Chalmay Peral. Peyizan yo te batay anpil pou voye diktatè Jan Klòd Divalye ale, yo te prezan nan mouvman 90 la. Kòz yo a te toujou trayi epi revandikasyon yo toujou pase anba bye. Sòti nan koudeta 1991 pou rive jodi a se kou sèlman sektè peyizan an ap resevwa. Leta a pa di yo yon mo sou kochon kreyol yo, kesyon kat mache, nan kesyon patisipasyon, desantralizasyon, transparans, jistis. Tout revandikayon sa yo rete mènmman parèyman.

Peyizan yo pakapab ankò, yo di se twòp atò, mizè ap finn depafini fanmi yo, yo paka reponn ak pwoblèm sèvis sante, edikasyon pou ti moun yo. Peyizan yo pa konn ki sen oubyen ki lwa pou yo rele ankò.

Konplo sa a resi pi rèd

PAPDA pote solidarite li bay Tèt Kole Ti Peyizan (TK) ki denonse alyans Konba/MPNKP/MPP ak Anri Bekè. PAPDA kwè menm jan ak TK, alyans sa a se pi gwo danje pou enterè ak revandikasyon mas popilè a. Anri Bekè reprezante zèl boujwa ki pi reyasyonè ki gen nan peyi a. Gwoup boujwazi Bekè a ak zouti òganizasyon 184, rekipere batay GNB a, se mènm yo mènm ki maspinen peyizan yo pandan 2 syèk. Se mènm yo mènm aprè depa Prezidan Aristid ki fè kò, yo asasinen kès Leta ayisyen a nan fòse Leta sa a ba yo privilèj pou pa peye taks pandan 3 lane. Privilèj sa a ap koute pèp ayisyen an anpil milya goud ak anpil milya dola vèt. Ki privilèj lòt sektè yo tankou peyizan yo, fanm yo, etidyan yo, pwofesè yo, sendikalis yo jwenn nan rezilta GNB.

Peyizan nan plènm Maribawou pèdi tè yo, yo betone tè yo ak zòn franch, Boujwazi Dominiken bay fanm yo vaksen pou fè yo travay, epi fanm yo ta pral avote pa pil e pa pakèt.

Devan tout zak sa yo Boujwa reyaksyonè sa a te toujou pito pote solidarite yo bay boujwazi dominiken yo pou kase pay kouvri sa epi sipote boujwazi dominiken kontinye touye pi rèd mas pèp la nan plèn Maribawou.

Selon TK fòn pa bliye konfli ant fanmi sa ki te gen yon antrepriz ki te rele Jean Edwa Bekè SA kote yo te fèmen izin nan sou ouvriye yo san dedomajman. Boujwa sa a te rive koronpi Dirijan Ministè Afè Sosyal nan moman ak lajan pou l pat dedomaje ouvriye.

Boujwazi pa bò isit pa konn danse kole ak pèp. Se benefis lajan ki enterese yo. Ouvriye ap pwatrinè anndan izin lakay. Bank fè kenken nan peyi a ap mache ranmase ti lajan pèp la, konbyen peyizan ki jwenn kredi.

Yon egzanp flagan se gwo eskandal anndan chanm kòmès potoprens poutèt youn nan yo jwenn kontra pou enprime bilten vòt electoral epi boujwa sa a deside fè enpresyon sa yo nan peyi panyòl kote l ka fè korisyon pi byen pandan tan sa a dominiken tap maspinen ayisyen tankou bèt epi sak pi rèd la manm chanm komès ayisyen yo lòt boujwa parey yo gen antrepris anndan peyi Dayiti ki ka fè enpresyon sa yo. Li pa bay chans mènm pou ouvriye ayisyen ta souse yon zo.

Eleksyon anba okipasyon

Eleksyon anba okipasyon pa ka donnen demokrasi. Eleksyon se zèl kat enperyalis la. Eleksyon se sèl koze kap pale nan peyi a jounen jodi a. Nou wè klè se pwisans enperyalis yo ak fòs okipasyon yo k ap kontwole tout operasyon yo, sòti nan finansman pou rive nan enskripsyon elektè yo. Se pa eleksyon ayisyen ka fè kredi, eleksyon sa a se pou yo afè pa yo.

Kòm yo okipe peyi a, yap òganize seleksyon pou mete tywoul yo. Nan sikonstans sa a, PAPDA kwè se pou mas pèp la mare ren li pou òganize l pou l dezokipe peyi a. Pou kwape tout pwojè wete trip mete pay. Pèp se la fòs, yon lòt Ayit posib.

Ann kontinye reziste.

Ann fè je nou klere devan tout pwojè petefyèl ak alyans dwategòch.