PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire - Production nationale

Fowòm Nasyonal Popilè sou Kredi Peyizan Mèkredi 2 epi Jedi 3 Mas 2011 - Kad pou reyalizasyon fowòm sou kredi peyizan

Posté le 1er mars 2011 par Jean Jores Pierre

Peyizan ayisyen toujou ap travay ak zong yo pou rive kenbe agrikilti peyi a ki se prensipal motè ekonomi peyi a. Leta ayisyen pa janm mete mwayen finansye ak teknik disponib pou akonpaye epi soutni agrikilti a, okontrè, menm Leta sa a toujou ap aplike yon seri politik ki pa sispann demanbre agrikilti peyizan yo. Devan sitiyasyon sa a, peyizan ayisyen pa janm sispann pran kout ponya pou kontinye mennen aktivite agrikilti pou satisfè bezwen imedya yo, tankou manje pou yo manje, edikasyon pou pitit yo, lasante epi kay pou yo rete. Akote sistèm kredi peze-souse ki egziste nan milye peyizan yo, nan pratik lavi yo peyizan ayisyen rive kreye yon seri pratik kredi solidè nan mitan yo tou. Se nan mitan kontradiksyon sa yo, nou trouve nesesite pou rive elebore, nan yon pèspektiv kolektif, yon manifès k ap ranmanse pratik kredi nan milye peyizan yo, difikilte yo, gany nan pratik solidè yo, iresponsablite Leta Ayisyen ak latriye revandikasyon nan zafè kredi a. Nan sans sa a, nou pran inisyativ pou reyalize yon « Fowòm nasyonal popilè sou kredi peyizan ».

Objektif :

• Analize reyalite kad politik finansman Agrikòl Leta Ayisyen

• Boukante eksperyans sou divès pratik kredi nan domèn agrikilti ki egziste nan mitan peyizan ayisyen yo,

• Ranmase latriye revandikasyon òganizasyon peyizan nan domèn kredi agrikòl nan lide pou mete kanpe yon manifès sou kredi peyizan.

Aprè yon seri chita pale PAPDA te genyen ak yon latriye enstitisyon ak yon seri òganizasyon peyizan sou yon pwopozisyon Biwo Kredi Agrikòl Ministè Agrikilti te fè, nou te deside pou nou te fouye kesyon an plis toujou. Se nan sans sa a, jounen jodia nou fè pwopozisyon pou nou akouche yon manifès sou kredi peyizan. Se PAPDA lanse lòt manch sa a, men nou louvri kad diskisyon ak tout òganizasyon ki te patisipe nan premye refleksyon ak tout lòt ki jije li enpòtan pou nou avanse pi lwen ak batay epi pledwaye politik sou zafè finansman agrikilti peyizan yo.

Men demach nou pwopoze pou rive reyalize Fowòm Nasyonal Popilè sou Kredi Peyizan.

Aktivite nan jounen fowòm lan

• Prezantasyon nouvo kad politik ministè agrikilti a sou kredi riral a

• Prezantasyon yon seri eksperyans òganizasyon peyizan sou kredi agrikòl

• Temwayaj sou reyalite kredi mikwo finans yo nan agrikilti peyizan yo

• Atelye pou akouche revandikasyon òganizasyon peyizan yo sou kredi peyizan



 

Souveraineté alimentaire,une perspective féministe

Posté le 3 mai 2013 par PAPDA

La campagne « Aba grangou » inquiète la Grand’Anse

Posté le 30 juillet 2012 par Jean Jores Pierre

L’élite haïtienne doit épouser la lutte de la classe défavorisée selon la PAPDA

Posté le 3 mai 2012 par Jean Jores Pierre

Semans OGM MOSANTO yo : yon kout mato anplis sou tèt ti peyizan yo ak sou pwodiksyon agrikòl la

Posté le 20 avril 2012 par Jean Jores Pierre

Organizaciones campesinas y gobiernos dialogan por la soberanía alimentaria y la reforma agraria integral

Posté le 26 mars 2012 par Jean Jores Pierre

Lancement d’une alliance internationale contre les accaparements de terres

Posté le 28 novembre 2011 par Jean Jores Pierre

Monsanto in Haiti

Posté le 18 juillet 2011 par PAPDA

Kredi agrikòl nan peyi d’Ayiti - vizyon ak altènatif peyizan yo.

Posté le 14 mars 2011 par Jean Jores Pierre

Cash for work en Haiti : un coup d’œil sur ce programme par Ayiti Kale Je

Posté le 3 décembre 2010 par Jean Jores Pierre

Déclaration de la Campagne "KABA GRANGOU" sur la conjoncture

Posté le 23 novembre 2010 par Administrateur

 

Texto sin nombre. Muerto sin lugar

Posté le 18 mai 2013

Asamblea fundacional de los Movimientos Sociales hacia el ALBA

Posté le 17 mai 2013

Assistance sociale de spectacle à effet pervers

Posté le 16 mai 2013

Pwotestasyon kont desizyon prezidan Michèl Mateli pran pou l pa pibliye lwa sou kreyasyon Akademi lang Kreyòl la.

Posté le 16 mai 2013

Deklarasyon Rezo óganizasyon Nó ak Nodès nan okazyon Selebrasyon Fèt Agrikilti ak Travay -premye me 2013.

Posté le 7 mai 2013

Deklarasyon Batay Ouvriye nan okazyon fèt Agrikilti ak Travay la

Posté le 7 mai 2013

Le Forum social mondial et sa gouvernance : le monstre à cent têtes

Posté le 6 mai 2013

Manifeste du front commun d’organisations politiques contre la dette

Posté le 6 mai 2013

Atelier Haïti au FSM de Tunis

Posté le 3 mai 2013

Audiencia pública por el retiro de las tropas argentinas en Haiti

Posté le 27 avril 2013

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox