PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Solidarité internationale - Relations haïtiano-dominicaines

Nòt pwotestasyon kont deklarasyon prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, fè sou Ayiti devan Palman fransè a

Posté le 7 décembre 2009 par PAPDA

GARR - 3 desanm 2009 - Nou menm enstitisyon k ap travay pou fè respekte dwa ak diyite pèp ayisyen an toupatou, nou sezi tande ki jan prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, foure bouch li nan zafè politik peyi a, lè li mande devan Palman fransè a : pou MINISTA rete 10 lane ankò nan peyi a ; epi tou pou rejim politik peyi a chanje, sa vle di, soti nan gouvènman a 2 tèt, prezidan/premye minis, pou retounen nan rejim prezidansyèl la.

Èske Ayiti vann dwa grandèt majè li nètale bay lòt peyi piske nou konnen mòd desizyon sa yo, se sèlman pèp ayisyen an ki gen dwa pran yo ? Pwopozisyon ki fèt pou amande Konstitisyon 87 la, pa touche rejim politik la : Ki kote prezidan Fernandez jwenn koze sa a ? Èske se prezidan Preval ki ba l dwa pale konsa ? Osinon, èske gen lòt gwo peyi ki kache dèyè pozisyon sa a ?

Mòd deklarasyon sa yo, se yon fòm enjerans ki pa p fasilite relasyon ak lapè nan mitan 2 pèp yo paske li montre aklè entansyon Repiblik Dominikèn pou apiye yon pwojè dominasyon majorite pèp ayisyen an pa aksepte.

Pou lonè ak diyite pèp ayisyen an, nou mande tout inivèsitè, tout manm òganizasyon, tout sitwayen, sitwayèn ayisyen konsekan pou yo egzije prezidan Preval ak tout gouvènman an, ansanm ak Palman an :

-  Tabli yon kalandriye klè sou depa MINISTA nan peyi a ;

-  Pran bon jan dispozisyon pou Ayiti responsab pwòp sekirite l.

Nou lanse yon apèl bay tout kandida ak Pati Politik ki reve dirije desten peyi sa a, soti nan silans yo pou mande otorite an plas yo :

-  Sèvi ak tout mwayen dwa entènasyonal la bay, pou fè prezidan Leonel Fernandez respekte dwa ak diyite pèp ayisyen an, tout kote l pase.

Nou ankouraje tout sitwayen/sitwayèn ak tout òganizasyon konsekan rete veyatif sou ki mòd refòm yo prevwa fè nan Konstitisyon an. Nou envite yo kontinye mete tèt ansanm pou konstwi yon peyi granmoun, ki reprann libète l ak diyite l.

Pou Platfòm GARR :

Pè Yves Edmond SANT PON AYITI

Serge Lamothe Prezidan Konsèy Administrasyon SANT PON AYITI



 

Seminaire sur le commerce binational entre Haïti et la République Dominicaine

Posté le 11 janvier 2010 par Ceco

Lettre ouverte aux autorités haïtiennes autour de la campagne haineuse perpetrée contre les Haïtiens/nes et leur pays en République Dominicaine

Posté le 22 octobre 2009 par PAPDA

Le Monstre

Posté le 25 mai 2009 par PAPDA

Se pa dan k ap griyen

Posté le 20 mai 2009 par PAPDA

Deklarasyon Mouvman peyizan Ayisyen ak Dominiken

Posté le 4 septembre 2007 par PAPDA

Déclaration des Mouvements Paysans haïtiens et dominicains

Posté le 27 août 2007 par PAPDA

Sitiyasyon Dwa moun nan Fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn

Posté le 9 février 2006 par Administrateur

Le GARR et le SANT PON AYITI insistent sur l’arrêt du trafic de personnes à la frontière après le drame du 10 janvier 2006

Posté le 9 février 2006 par Administrateur

Des organismes aux Etats-Unis critiquent les autorités dominicaines pour le sort fait aux migrants-es haïtiens

Posté le 9 février 2006 par Administrateur

Nòt pou la près Kolektif Mobilizasyon kont lavichè sou lanmò 24 konpatriyòt

Posté le 24 janvier 2006 par PAPDA

 

“El pueblo de Haití no quiere bases militares en su territorio”

Posté le 16 août 2010

El Fondo Monetario Internacional no canceló la deuda de Haití

Posté le 16 août 2010

Actividades del Forum Social de las Américas destacan situación actual de Haití

Posté le 16 août 2010

Reconocen en Foro Social solidaridad de Cuba con Haití

Posté le 16 août 2010

"Sis mwa apre dekonstonbray" yon powèm Tontongi

Posté le 29 juillet 2010

14 juillet : parade françafricaine

Posté le 29 juillet 2010

Des organisations brésiliennes écrivent aux Nations Unies

Posté le 23 juillet 2010

Casse-tête économique en Haïti

Posté le 22 juillet 2010

Tèt Kole mande jistis pou masak ti peyizan Jan-Rabel

Posté le 20 juillet 2010

Les Droits humains des déplacés-es haïtiens : un défi et un combat

Posté le 15 juillet 2010

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox