PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire - Mobilisation

Rasanbleman òganizasyon peyizan nan Kafou Pèy madi 23 desanm 2008 pou egzije Leta relanse Refòm Agrè a

Posté le 18 décembre 2008 par Wilson Junior Jean

Madi 23 desanm 2008, nan Kafou Pèy nan latibonit, yon latriye òganizasyon peyizan makonnen fòs yo ansanm pou lanse yon batay pou yon Refòm Agrè ki ap nan enterè ti peyizan yo epi pou denonse jesyon lajan pou Fon-Dijans la.

Batay pou peyizan yo jwenn tè pou yo fè agrikilti toujou rete youn nan pi gwo revandikasyon nou menm peyizan. Boujwa, grandon, gwo zotobre politisyen toujou òganize yo pou kanpe an kwa devan batay peyizan pou jwenn tè pou yo travay, nou pa p janm bliye asasinay Lanperè Jan Jak Desalin, masak 139 ti peyizan nan nòdwès, elatriye...


Jounen jodi a degradasyon anviwònman an vinn montre ankò nesesite pou Leta ayisyen ta pran dispozisyon pou pawòl refòm agrè a tounen yon reyalite tout bon vre.

Se pou rezon sa yo, MOREPLA, KOREDEPLA, SOFA, MITPA nan latibonit, Tèt kole ti peyizan nan Nòdwès, APWOLIM nan limonad, nan kolaborasyon ak PAPDA ap reyalize yon gwo rasanbleman jou k ap madi 23 desanm 2008 la nan Kafou Pèy nan lide pou fòse Leta Ayisyen mete kanpe yon plan pou akouche yon bon jan Refòm Agrè ki chita sou entèrè agrikilti peyizan yo ki se prensipal mote ekonomi peyi a.

-  Fòk peyizan k ap travay latè jwen tè pou yo fè agrikilti
-  Fòk peyizan k ap travay latè jwenn bon kredi san kout ponya nan men Leta pou yo envesti
-  Fòk peyizan k ap travay latè jwenn bon zouti, semans ak angrè natirèl nan boutik Leta

Se pou rezon sa yo, youn di lòt, bouch an bouch, piskèt sou sadin, pase pran m m ap pase chache w pou n al pote kole nan gwo mobilizasyon ak mach pasifik sa a pou nou menm peyizan jwenn yon bon jan Refòm Agrè nan enterè moun k ap travay tè. Pa bliye randevou kase madi 23 desanm 2008 depi 10zè nan maten nan kafou pèy.

MOREPLA TET KOLE KOREDEPLA SOFA APWOLIM MITPA PAPDA



 

Manifestation et contre-manifestation de paysans le 16 octobre

Posté le 23 octobre 2009 par PAPDA

PAPDA, VEDEK et ANDAH incitent les associations paysannes et les autorités locales dans des initiatives pour leur environnement.

Posté le 9 janvier 2009 par Ceco

Seminè Nasyonal - Patisipasyon Peyizan e Konstriksyon Demokratik

Posté le 1er décembre 2005 par Administrateur

Les mouvements paysans luttent contre l’exclusion des masses rurales

Posté le 1er décembre 2005 par Wim Schalenbourg

Pour l’inclusion du secteur agricole

Posté le 30 novembre 2005 par Administrateur

Participation paysanne et construction démocratique

Posté le 25 novembre 2005 par Administrateur

Final Declaration of the National Mobilisation on : Agriculture in Haïti and Political Project

Posté le 17 novembre 2005 par Administrateur(écrit le 18 octobre 2005)

Declaración Final de la Movilización Nacional sobre : la Agricultura en Haití y Proyecto Político

Posté le 17 novembre 2005 par Administrateur(écrit le 18 octobre 2005)

Déclaration Final de la Mobilisation Nationale sur : l’Agriculture en Haïti et Projet Politique

Posté le 17 novembre 2005 par Administrateur(écrit le 18 octobre 2005)

Deklarasyon final mobilizasyon nasyonal sou ’Agrikilti an Ayiti e Pwojè Politik’

Posté le 17 novembre 2005 par Administrateur(écrit le 16 octobre 2005)

 

Il n'y a pas d'autres articles de Wilson Junior Jean.

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox