PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Intégration Alternative - Droits Economique, Social et Culturel (DESC)

Forum National sur la marchandisation des services publics de base en Haïti : Cas de l’éducation

Enstitisyon Finansyè Entènasyonal yo ak sèvis piblik yo : Dwa oswa machandiz osèvis kapital entènasyonal la ?

Rev. Pè Jan HANSSENS, Kòdonatè Jistis ak Lapè an Ayiti

Posté le 27 janvier 2007 par Ricot Jean Pierre

1. Sou ki sa m’ap pale

Nan yon sans sijè a fasil e nan yon lòt sans li difisil.

Fasil, paske genyen yon diskou ki byen aksepte nan plizyè gwoup. Enstitisyon entènasyonal yo se ajan kapitalis entènasyonal la yo ye. Objektif la se reyalite gwo benefis sou do lòt ; youn nan pwogram yo pou sa fèt se privatize antrepriz piblik yo. Antrepriz sa yo ki nesesè pou tout moun (ki dwe asire sèvis piblik yo), se sous gwo benefis yo ye. Depi gen benefis, fòk bagay la prive ; evidaman lè bagay la vin mal, epi genyen defisi, men sèvis la enpòtan pou popilasyon an, lè sa se Leta ki pou pran l kanmenm.

An menm tan se yon diskou ki difisil. Anpil fwa nou konfwonte ak yon seri sèvis piblik ki pa bay rannman kòm sa dwa, ki pa rann sèvis tout bon. Moun nan genyen yon bagay nan li menm ki fè l travay pou avantaj li. Depi bagay la piblik gen yon lese ale. Eske nou kapab kreye yon moral, yon etik, yon kesyon ki enpòtan anpil, se : Ki jan sa ye an Ayiti ?


2. Defini kèk mo

Sèvis piblik : nou pale sou yon seri sèvis ki enpòtan pou moun kab viv. Yo genyen relasyon ak dwa fondalnatal yo, sa moun dwe rive jwenn pou li kapab viv kòm moun. Nou pale sou dlo, lekòl- edikasyon ; sante-lopital yo ; elektrisite ; wout ; transpò (nan kèk peyi) ; sekirite ak jistis. Men sèvis piblik kapab genyen anpil lòt bagay ladan toujou. Deba jounen jodia ale lwen. Yo pale pou privatize prizon yo, gen wout ak pon pou travèse dlo ki vin prive nan kèk peyi, gen peyi kote asirans ak sekirite sosyal se yon byen ou achte (yo pa rezilta solidarite ant travayè yo ankò).

« Sèvis piblik » pa menm ak « se Leta ki propriyetè ». Nou dwe distenge sèvis piblik ak byen piblik. Se pa paske EDH piblik (nan men Leta), nou kapab konsidere distribisyon kouran nan peyi a fèt nan kondisyon ki akseptab pou n ta konsidere li tankou yon sèvis piblik. Menm jan tou, se pa poutèt anpil lekòl nan peyi a nan men prive, Leta pa kab asire e òganize ansèyman kòm yon dwa, yon sèvis piblik. Antouka, nan anpil peyi ansèyman prive antre nan yon plan (yon politik) ansèyman kòm sèvis piblik. Pou sa kab fèt, fòk ou genyen yon Leta ki fò, ki konpetan, ki reskonsab, ki konn òganize ; epitou, dwe genyen yon etik, yon konviksyon, yon volonte sitwayen ki fè ansèyman (paegzanp) vin yon sèvis piblik. M poze tèt mwen kesyon si an Ayiti moun yo genyen yon lide, sitou yon eksperyans sa sa vle di “sèvis piblik”, sitou lè n gade fason sa k nan men Leta ap mache e ap sèvi moun. Se pa paske yon bagay nan men Leta, li sèvis piblik pou sa. Nap vin sou sa. Ak sa, m pa vle defann privatizasyon yo.

Yo tounen machandiz. Tit la di : Eske sèvis piblik yo se yon Dwa oswa se yon Machandiz ? Gen yon lide deyò a ki di : si ou vle bagay yo mache byen, si ou vle yo efikas, fòk ou bay li nan men prive ; si bagay la piblik, ou pap jwenn sèvis. “Leta se yon move jesyonè ».

Bò kote pa li, tit la ta vle fè n konprann, si sèvis yo antre nan jwèt mache lib la, yo pa p yon dwa ankò pou tout moun, men yon privilèj pou sa yo ki kapab achte li, yon machandiz.

Yon « sèvis piblik » se satisfaksyon dwa moun li chèche. Si se benefis yon ti gwoup li asire, paske tout moun bezwen li, pou kab fè gwo benefis, lè sa, zafè mache a kontrè ak sèvis piblik la.

Nan sèvis kapital entènasyonal. Ak sa nou vle di : se menm pa anndan peyi a yo tire avantaj, se kapitalis etranje a ki pran benefis. Gwo miltinasyonal yo ki gen bidjè ki depase sa kèk peyi genyen ; ki enpoze lwa yo sou Leta ak gouvènman yo, ki gen mwayen pou fè lòbi, pou enfliyanse desizyon gouvènman yo, pou fè koripsyon. Li pi difisil tou, li preske enposib pou Leta yo fè yo respekte lwa yo. Sitou si Leta a fèb.

Enstitisyon Finansyè Entènasyonal yo. Nou pale sou Bank Mondyal, Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Bank Entèamerikèn pou Develòpman (BID), elatriye. Se yo menm ki jwe jwèt kapital entènasyonal la olye yo defann enterè popilasyon yo. Epoutan, lè yo te kreye yo, se te nan objektif pou konbat lamizè pèp yo. Enstitisyon Finansyè Entènasyonal sa yo, se pa bagay prive yo ye. Se Leta yo ansanm ki kreye yo (Akò Bretton Woods). Men Leta ki gen pi plis fòs ladan yo se Leta kote sistèm kapitalis la, ak ideyoloji liberal la byen chita.

Se yon deba ki enpòtan, men tou li chaje ak anpil emosyon pafwa. Nou dwe veye pou reflechi apati reyalite yo, olye se sèlman lide ak ideyal k ap mennen deba yo.

Li klè lè nou pale sou kapitalis, sosyalis, elatriye, gen anpil modèl ak fòm diferan, selon istwa diferan pèp yo, selon lwa yo, Egzanp : sendika Ozetazini ak sendika an ewòp, se pa menm bagay. Se jan ak sistèm sekirite sosyal yo.

3. Lojik enstitisyon entènasyonal sa yo : ki sa nou kapab tann nan men yo ?

Gwo enstitisyon sa yo, se Leta yo ki mete yo sou pye : BM, FMI, Nasyon Zini, BID, OEA. Se pa bagay prive yo ye. Se bagay Leta yo dwe kontwole. Men kontwòl sa yo pote mak frabrik Leta ak peyi sa yo ki pi fò. Egzanp : fason vòt yo separe andann FMI montre sa aklè.

Enstitisyon sa yo, yo te kreye pou yon objektif : « Ede konbat lamizè ». Men se vre, tout Leta yo nan moman sa, yo reprezante e yo garanti ideoloji kapitalis la, menm kote se gouvènman sosyalis k ap mennen. Sitou lè n gade peyi sosyalis ki rich yo.

4. Yon dokiman anpil fwa yo bliye

Sa fè 10 lane konsa, ECOSOC te pibliye yon etid (m pa kwè se te yon pozisyon ofisyèl) sous enstitisyon finansyè entènasyonal sa yo ak dwa moun.

Men ki sa ki te tèz la : Enstitisyon entènasyonal sa yo ( BM ak FMI), se Leta yo nan kad Nasyon Zini ki te mete yo sou pye. Objektif yo se te konbat lamizè nan mitan pèp yo. Se Leta yo ki pran angajman pou respekte dwa tout moun genyen, jan yo deklare yo nan Deklarasyon Inivèsèl Dwa tout moun genyen.

Si kounye a enstitisyon sa yo - Leta yo te mete sou pye pou konbat lamizè - poutèt politik yo mete sou pye, ap grandi lamizè, yo lakòz genyen pi plis lamizè, yo menm tou yo tounen vyolatè dwa moun, yo vin koupab vyolasyon dwa moun.

Politik dokiman an denonse : se te privatizasyon yo ki mache ak ajisteman estriktirèl yo, ki fè yo sakrifye sa ki dwa tout moun dwe jwenn ; etan yo privatize li, san pa gen okenn garanti ki bay. Konsa, sèvis la ki te la anvan an, pa la pou tout moun ankò, men pou sa ki kapab peye sèvis la nan pri mache a konsa. Pami aktè yo ki kapab vyole dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl yo genyen : Leta yo, konpayi ak antrepiz miltinasyonal (akòz gwo puisans yo genyen ki anpil fwa depase sa yon Leta kapab fè - yo konsidere yo pami otè vyolasyon dwa moun yo), genyen tou : enstitisyon finansyè entènasyonal yo.

Etid sa yo enteresan. Sa vle di, anndan enstitisyon yo genyen moun k ap travay e ki konsyan pwoblèm nan. Toujou, etid sa yo kapab sèvi pou denonse vyolasyon dwa moun, pou montre kote reskonsabilite yo ye. Anplis, yo ede n wè batay pou respekte dwa moun, dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl yo (DESC), si li fèt yon fason konsekan, li kapab ede pou pi byen oryante batay pou respè dwa moun, epi pou aire sèvis piblik yo pou tout moun.

5. Pwòp sitiyasyon nou nan peyi d Ayiti

Sètènman, sitiyasyon sèvis piblik yo fas ak privatizazyon an, genyen pwòp mak fabrik pa li. An n gade kèk nan yo :

a. Pwoblèm enstitisyon piblik yo.

-  Nou dwe gade kalite sèvis piblik enstitisyon yo bay.
-  Nou dwe gade tou, fason moun yo panse sou yon byen piblik : onivo esplwatasyon ak òganizasyon, oswa onivo moun ki bezwen sèvis la nan men li.
-  Menm si enstitsyon yo piblik, sitou lè yo piblik, yo gen yon kou, fòk sosyete a peye pou yo. Nou dwe gade fason yo jere yo, epi kote resous yo ap sòti.

Egzanp : EDH. Nou konn pwoblèm nan lè li vann blakawout. Pa gen gaz, pa gen kòb, yo pa peye kouran, Leta bezwen chèche kòb, enstitisyon yo di : privatize li, paske Leta pa ka jere li. Se konpayi prive ki ka pwodui. Epi, nan rezo kanbèlann, kilès ki vann kouran an ?

Ki sa ki vrè lènmi EDH ?

Eske se privatizasyon yo anonse a ? Fòk yo byen defini privatizasyon an tou. Men ki sa ki pwoblèm nan, ki sa ki esplike sitwayen jwenn kalite sèvis yo jwenn nan ?

-  Eske se politizasyon an (fason dirijan yo menm konsidere byen piblik yo tankou yon bagay pou yon klan politik, sa vle di yo pa jere yo pou byen tout moun) ?
-  Oubyen eske se koripsyon (lè moun ki reskonsab yo pran yo pou byen pèsonèl yo)
-  Gen tou move lide sou sa “bon jesyon” vle di : lè se yon bagay pou Leta, poukisa (lòt branch nan) Leta a ta dwe peye ?
-  Gen tou yon kesyon mank efikasite (lè gen ant enstitisyon an ak konsomatè a yon seri ajan kap privatize komèsyalizasyon an kanmen). Lè sa pou kliyan an, kouran li genyen pa p vin pi bon mache, okontrè : li peye mèt liy nan, an plis li gen move kouran ; paske pa gen kontwòl sou liy yo ki chaje twòp, chodyè pete, elatriye. Konsa, EDH ki yon enstitisyon Leta, li deja privatize onivo katye yo gras ak kanbèlann, priz... Konsomatè a panse li fè yon bon zafè, li kwè li fè avantaj, epoutan...
-  Finalman, kapab genyen blokaj anndan sistèm nan pou pouse privatizasyon an. Lè Teleco pa bay liy telefòn, tout moun vle yon selilè, yo pa p mande si se Leta oswa yon konpayi prive, depi li bay yon avantaj parapò ak lòt la. Konkirans ant slilè yo kabap aprann kichòy ; men sèvis poko bon, paske genyen yon vwa ki manke : otorite a ki egzije kalite.
-  Men si ou pran tout bagay ansanm, se anpil bagay pou atake an menm tan, sitou si se yon bon sèvis piblik ou vle.
-  Ki sa nou chèche : satisfaksyon sa ki yon dwa pou moun, pou jewnn kèk sèvis piblik, yo rekonèt pou dwa li. Epitou, yon respè pou byen piblik yo, paske se li kab desann kou sèvis la. Konsa, resous Leta genyen kapab sèvi pou asire lòt sèvis.

6. Konklizyon nou ka tire

Li nesesè pou plede pou Leta asire « sèvis piblik » yo ; dwe genyen kontwòl Leta a sou tout aktè ki nan domèn sèvis piblik yo, kit yo aktè prive ou piblik. Kontwòl sa kab fèt plizyè fason :

a. Oubyen se Leta ki òganize li menm menm ( pwodiksyon, distribisyon)

b. Oubyen Leta kontwole li ak la lwa, ak kondisyon, ak prensip ; ak pwogram tout aktè yo dwe reponn elatriye

c. Nan pi fò sitiyasyon se sistèm miks n ap jwenn.

Nan tout fason, tout bagay piblik, tout òganizasyon sèvis piblik, menm jan ak tout viv ansanm, li egzije :

-  Yon etik byen piblik la. Fòk gen yon seri konviksyon alabaz. Ki sa ki dwe ladann li : konviksyon nasyonalis oswa kominotè ? Sa ki pou Leta, li pa pou mwen,... yon distenksyon ant piblik ak prive.
-  Sa mande yon motivasyon, yon edikasyon, yon « kilti byen piblik la ». Li mande pou moun ki an chaj pran reskonsabilite... Sa a tou, se yon bagay ki konplike.
-  Epitou, dwe genyen yon Leta ki konprann wòl li kòm sila a ki reskonsab veye pou tout moun benefisye minimòm sa yo rele dwa moun genyen.
-  Dwe genyen yon politik sèvis piblik : yo dwe di aklè ki sa Leta dwe asire e nan ki kondisyon. Konsa, sitwayen yo konnen ki sa yo gen dwa espere e nan ki kondisyon.
-  Leta dwe fò, li dwe gen mwayen, otorite moral ak fizik pou mete politik sèvis piblik li a an aplikasyon.

Nan lit pou tout moun jwi satisfaksyon yon seri sèvis, nou konsidere enpòtan pou tout moun jwenn epi jwi sa ki dwa yo. Moun kapab voye jete privatizasyon an, kòmkwa se lè tout bagay nan men Leta, se li k ap garanti tout moun ap jwenn sèvis la. Men se pa sa nou wè. Se pa privatizasyon an non plis k ap fè jwenn sèvis yo gen dwa jwenn nan, jan kèk avoka privatizasyon vle fè kwè.

Sa ki parèt, se yon sistèm miks k ap genyen, men si nou vle garanti sèvis la pou tout moun, nou dwe mennen yon lit pou satisfaksyon dwa moun konsekan : ki egzije satisfaksyon tout dwa pou tout moun, nan kondisyon ki korèk moun kapab aksepte nan nivo ekonomik popilasyon an bezwen viv.

Si yon pèp byen motive, epi li konn sa li vle, chanjman nan sistèm yo posib, tankou yon lit, yon batay l ap mennen. Gade paegzanp kote nan peyi Bolivi pèp Endyen an tire anpil fòs nan resous kiltirèl li yo epi kenbe batay la jouk yo rive enfliyanse politik peyi yo.

16 janvye 2007



 

PERU - MILES DE RONDEROS TOMAN POSICIÓN DE LAGUNAS AMENAZADAS POR MINAS CONGA

Posté le 21 janvier 2014 par PAPDA

Le « succès » de la Banque mondiale sape la démocratie

Posté le 8 janvier 2013 par Jean Jores Pierre

Declaración final Cumbre del pueblo de Rio + 20

Posté le 26 juin 2012 par Jean Jores Pierre

Carta de Sobral - I Nossas Américas - Nossos Cinemas

Posté le 31 mai 2012 par Jean Jores Pierre

Dokimantè sou sitiyasyon moun kap viv nan kan deplase yo nan peyi dAyiti

Posté le 7 mai 2012 par PAPDA

Luego de la expropiación : ¿petróleo para qué ?

Posté le 7 mai 2012 par Jean Jores Pierre

Salaire minimum ou esclavage

Posté le 10 avril 2012 par PAPDA

Lèt tou louvri Kolektif Òganizasyon pou Defann Dwa Lojman bay Palmantèz/Palmantè ayisyèn/ayisyen yo

Posté le 30 mars 2012 par Jean Jores Pierre

Nous nous mobilisons ensemble en route vers Río+20 et au-delà

Posté le 15 mars 2012 par Jean Jores Pierre

Quand les sinistrés mettent la main à la pâte

Posté le 23 janvier 2012 par PAPDA

 

Cahiers de revendications paysannes du Grand Nord

Posté le 2 avril 2014

Budget national et secteur agricole : Etranglement ou disparition de la petite paysannerie

Posté le 13 mars 2014

Concours de texte : "Construire avec et pour les jeunes"

Posté le 4 avril 2011

Lancement d’un Concours de texte sur la Construction alternative du pays

Posté le 1er mars 2011

Concours de texte sur la Construction alternative du pays

Posté le 10 février 2011

Crise alimentaire et les défis de la relance agricole en Haïti : Quelles réponses aujourd’hui ?

Posté le 29 octobre 2008

Lèt tou louvri rezo pwodiktè kafe ayisyen yo pou Prezidan Preval ak Premye Minis la pou voye jete APE yo

Posté le 22 octobre 2008

Propositions des Mouvements sociaux face à la crise

Posté le 20 octobre 2008

Mobilizasyon Kowalisyon BARE APE nan dat 15 Oktòb 2008 kont APE, kont Grangou ak Dèt Ekstèn - Kèk foto

Posté le 18 octobre 2008

Bare !!!!!!!!!! Vin pote kole nan sit-in kont APE, grangou ak lamizè devan Palè Nasyonal

Posté le 14 octobre 2008

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox