PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Démocratie participative > Réflexions critiques > Seminè Analiz sou DWA SENDIKAL

Seminè Analiz sou DWA SENDIKAL

Yon envitasyon ak PAPDA

mardi 22 novembre 2011

Medam/Mesye,

Gouvènman monte, gouvènman desann, veritab pwoblèm peyi a pa janm rantre nan ajennda okenn dirijan politik nan leta. Chak jou pi plis, sistèm peze souse a ap depafini ak lavi pèp la. Okenn pati politik, ni dirijan nan Leta pa janm montre yo gen volonte - ale wè enterè - pou rive defini yon vizyon politik konsekan pou remanbre ekonomi nasyonal la epi bati yon sistèm k ap chita sou yon pataj san fòs kote richès travayè ak travayèz pitit peyi a pwodui.

Okontrè, se chak jou n ap konstate kouman enpèyalis yo lonje men yo pi fon toujou nan tout gwo desizyon ki gen pou wè ak gouvènay peyi a, kouman fòs lokipasyon yo ap taye banda nan tout rakwen nan peyi a, yon seri monte desann yon latriye kapitalis ap fè nan peyi a sou zòd Bil Klinton pou klewonnen yon levanjil envestisman fo mamit kote yo pwomèt pou kreye plizyè mil djòb nan peyi a.

Nou menm n ap mande ki kalite djòb yo vle fouye nan kòsay pèp la ? Travayè ak travayèz nan faktori yo anba gwo presyon patwon yo ki pa respekte okenn dwa sendikal, tikrik-tikrak se revokasyon, Ministè Afè Sosyal pa janm fè okenn jefò pou garanti minimòm dwa travayè yo rache nan batay. Kondisyon travay yo vin pi rèd nan kò travayè-travayèz yo pandan kondisyon lavi yo ap vin pi mal chak jou.

Nan menm moman an, gouvènman pase yo plis sa ki gen la a fè yon latriye pwomès pou bay moun travay. Se konsa n ap konstate kouman y ap likide antrepriz leta yo nan kad politik privatizasyon neyoliberal la sa ki charye anpil revokasyon anplwaye yo epi yon degradasyon kondisyon travay yo. Antrepriz sèvis leta ki poko privatize yo anba gwo menas, pou nou pa di sou wout pou jwenn likidasyon pa yo. Se konsa gouvènman an deja lage CAMEP ak EDH nan men kapitalis entènasyonal yo. Nan menm moman sa a, nou konstate konbyen monte desann k ap fèt pou likide sèl lopital pèp la genyen pou jwenn yon ti mòso sante gratis, ki se Lopital Jeneral (Lopital Inivèsitè Leta Ayisyen).

Nou pap bliye privatizasyon Siman d Ayiti pa anpeche siman vin pi chè nan peyi, nou pap bliye privatizasyon Minotri d Ayiti pa anpeche farin vin pi chè epi konbyen manman ak papa pitit ki lage 2 bra balanse aprè revokasyon. Se menm politik sa a ki te mennen tou pou likide TELECO.

Devan sitiyasyon malouk sa a, n ap mande ki wòl sendika nan antrepriz sèvis leta sa yo ta dwe jwe pou bare wout ak pwojè sa yo ? Ki kalite estrateji ki ta dwe mete kanpe pou sendika sa yo fè tande vwa yo nan batay pou anpeche likidasyon sa yo ?

Nou menm BATAY OUVRIYE ak PAPDA ki deside demaske vrè pwojè ki kache dèyè pwazon PRIVATIZASYON / MODÈNIZASYON / ZÒN FRANCH / FAKTORI sa yo, rete kwè li enpòtan jounen jodi a pou kontinye pote kole nan ranfòse konviksyon batay nan kan popilè a epi nan ranfòse Sendika travayè konsekan yo.

Se nan sans sa a, BATAY OUVRIYE ak PAPDA ap reyalize yon Seminè analiz sou DWA SENDIKAL nan lide pou rive konprann pi byen represyon kont dwa sendikal yo ak likidasyon antrepriz piblik yo. Konsa n ap ka sou chimen pou rive defini yon estrateji anfas pwojè lanmò sila yo.

Seminè sa a ap reyalize sòti samdi 26 novanm pou rive dimanch 27 novanm 2011 nan Lokal Fany Villa, Babiole nimewo 31, anfas Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI). Nan lide pou seminè analiz ak temwayaj sa a kapab yon reyisit, PAPDA ak Batay Ouvriye konte anpil sou patisipasyon delege òganizasyon an nan seminè sa a.

Nan konferans sila a, ap gen prezans reprezantan ofisyèl OIT (Òganizasyon Entènasyonal Travay) ak lòt reprezantan entènasyonal ki soti Brezil ak Repiblik Dominikenn.

Yannik Etienne

Pou Batay Ouvriye

Camille Chalmers

Pou PAPDA