PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Démocratie participative > Réflexions critiques > Pwotestasyon kont desizyon prezidan Michèl Mateli pran pou l pa pibliye lwa (...)

Pwotestasyon kont desizyon prezidan Michèl Mateli pran pou l pa pibliye lwa sou kreyasyon Akademi lang Kreyòl la.

jeudi 16 mai 2013

Komite egzekitif FRAKKA pa etone tande prezidan Michèl Mateli pa dakò pibliye lwa pou kreye Akademi Lang Keyòl la. Nou t ap koute Youri Latòti konseye epi ki jwe wòl pòt pawòl prezidan an ki te tante bay 2 rezon ki fè chèf lame woz la pa pibliye lwa sa a :

1 Premye rezon an, dapre Youri Latòti prezidan an di (lwa a pa gen vèsyon fransè). N ap di prezidan an ak tout konseye l yo, lwa sou akademi lang kreyòl la pa bezwen yon vèsyon franse. Se vre, atik 5 konstitisyon 1987 la di :Kreyòl ak franse se 2 lang ofisyèl peyi a. Men sa pa vle di lang kreyòl la restavèk lang fransè a, menm jan ak dirijan peyi a. Okontrè, se dokiman ofisyèl yo ki ta dwe fèt an 2 lang, daprè konstitisyon 1987 la. Pou nou menm rezon sa a gen yon pozisyon politik ak ideyolojik ki kache dèyè l, yon pozisyon kont evolisyon lang kreyòl la. Men sa k pi grav la, se paske se yon prezidan k ap dirije peyi a, epi ki pa dakò pèp Ayisyen an gen pwòp idantite pa li. Menm lè nou rekonèt prezidan an gen dwa ak mantalite kolonize li, mande anbasadè fransè a èske Michèl Mateli egziste kòm moun ? Nou menm, n ap di prezidan an, nou gen yon peyi, nou se yon pèp ki gen pwòp idantite nou, ki fè nou diferan de lòt pèp yo.

2 Dezyèm rezon an, toujou dapre Latòti, prezidan an di (pa gen lwa sou òtograf kreyòl). La a, nou kapab konstate gen yon nivo linyorans ak lendesans ki fè mak fabrik prezidan an ak tout konseye li yo. N ap raple pou yo, lwa sou lang kreyòl la egziste depi 18 septanm 1979 sou rejim makout Divalye a.

Nou konnen, makout yo rayi lang kryòl la pou wòl li te jwe nan louvri je mas pèp la. N ap raple pou jèn yo, premye fwa nouvèl bay an kreyòl nan radyo nan peyi a se te 19 jiyè 1979. Sou antèn radyo Ayiti Entè kote jounalis yo te anonse dechoukay diktati Anastasyo Somosa nan peyi Nikaragwa apre 40 lane krim ak koripsyon. Ki donk, radyo Ayiti Entè te bay nouvèl sou triyonf revolisyon Fon Sandinis pou Liberasyon Nasyonal (FSLN). Pou makout yo, bay nouvèl an kreyòl sou yon diktati ki tonbe, sou antèn radyo, se te yon gwo zak sibvèsiv. Aksyon sa a te fè diktati makout Jan Klod Divalye a mande anraje. Ki donk, jounen jodi a, se yon vanjans gouvènman Mateli Lamòt la ap pran kont defansè lang kreyòl yo, sa vle di kont majorite pèp Ayisyen an.

Nou menm nan FRAKKA nou byen konnen, batay pou defann lang kreyòl la, antre nan kad lit klas dominant yo ap mennen pou kenbe sistèm eksplwatasyon, eksklizyon ak dominasyon an, ak lit klas domine yo ap mennen pou chanje sistèm lan. Prezidan an ak tout konseye li yo, pran pozisyon pou defann enterè klas pa yo. Yo sèvi ak lang kreyòl la, lè yo bezwen mas popilè yo al vote, yo sèvi ak lang kreyòl la pou fè pwopagann manti pou vire lòlòy mas pèp.

Komite Egzekitif FRAKKA pwofite okazyon sa a pou n di : deba sou lang kreyòl la dwe kontinye fèt chak jou nan tout kwen peyi a. Nan sans sa a, nou mande tout pwogresis, tout gwoup, enstitisyon ak òganizasyon popilè konsekan, leve kanpe pou n fòse gouvènman Mateli Lamòt la pibliye lwa sou kreyasyon Akademi Lang Kreyòl la.

An nou kontinye batay pou defann idantite nou kòm pèp.

Sanon Reyneld

Sekretè Egzekitif

Jean Gardy Souverain

Trezorye annapre