PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Démocratie participative > Réflexions critiques > Pozisyon piblik divès òganizasyon ak enstitisyon aprè katastwòf 12 janvye (...)

Pozisyon piblik divès òganizasyon ak enstitisyon aprè katastwòf 12 janvye 2010 la

lundi 22 février 2010

Jou 12 janvye a tè a tranble,
Li jwenn yon peyi san gouvenay
An nou leve diyite peyi A ak pep ayisyen

(Traductions espagnols et français disponibles)

12 janvye ki sot pase a, peyi a te pran yon gwo kou. Tè a te tranble nan divès depatman ak nan divès komin. Tranbleman de tè a ba nou yon gwo pataswèl :

- Plis pase 250 000 moun mouri pami yo plizyè militan ki depi lontan t ap goumen pou yon chanjman total kapital sosyete a, plizyè milye ouvriye fanm ak gason ki mouri nan faktori ak nan labank ki tonbe sou yo.kidonk bilan an lou anpil.

- Plis pase 300 000 mil blese, ak 4 000 lòt ki andikape pou tout lavi yo.

- Anviwon yon demi milyon kouri kite Pòtoprens pou ale echwe nan vil pwovens yo ak nan seksyon kominal yo.

- Gen plis pase 10 mil ti moun ak jèn ki kite peyi a pou ale nan peyi lòt bò dlo.

- Gen tou plis pase 3 milyon moun ki sinistre, san konte kantite lekòl ak inivèsite ki plat atè, san konte biwo Leta ak kay patikilye ki kraze.

Nou menm òganizasyon, enstitisyon ak pèsonalite ki siyen nòt sa a nou salye memwa tout moun ki viktim nan gwo katastwòf sa a. Nou voye kondoleyans ak senpati nou bay tout fanm viktim sa yo. Nou pwofite salye tou kouray ak detèminasyon pèp aysisyen an ki depi premye moman yo te degaje l kou mèt Janjak pou sove lavi plizyè milye moun ki te nan difikilte anba beton.

Tranbleman de tè sa a, kite pou nou kòm konsekans, yon katastwòf sosyal ki rann sitiyasyon mas yo pi malouk nan yon ekonomi ki te deja ajenou.

Anpil analiz sou listwa ak estatistik sou tranbleman de tè nan lemonn montre klèman, tè a konn tranble fò nan lòt peyi. Tè a konn menm tranble pi fò an Ayiti ak nan lòt peyi, men dega yo pa konn rive wòtè sa a. Nivo dega nou anrejistre fwa sa a, montre enkapasite sistèm nan ak dirijan ki alatèt leta peyi a depi dikdantan. Li montre sitou movèz fwa dirijan sa yo pou ranmase revandikasyon fondamantal popilasyon an.

Malgre depi kèk tan gen anpil rèl k ap fèt, gen lanbi k ap sonnen pou anonse otorite leta yo gen yon malè pandye k ap plannen sou tèt peyi a, leta pat fè anyen kòm prevansyon pou pwoteje lavi ak byen popilasyon an. Malè a rive san pa gen okenn prekosyon ki pran. Pa menm gen mínimòm repondong pou pote sekou bay popilasyon ki an danje, menm apre yon mwa. Pouvwa a okontrè ap fè fo pwomès bay mas pèp la ki pa menm ka jwenn tant ak manje nan ladiyite aloske sezon lapli a prèske rive. Poutan se yon dwa fondamantal popilasyon an genyen pou Leta ak gouvènman an ba l sèvis.

Sa ki pase 12 janvye a, se rezilta yon mòd jesyon manfouben dirijan ki alatèt peyi a ap aplike, yon jesyon manfouben ki anmenm tan ap aplike yon politik neyoliberal, k ap mete pyon pou ranfòse sistèm dappyanp klas dominant lan ap fè sou byen ak richès peyi a. Se rezilta tou yon politik ki mete majorite popilasyon an sou kote nan tout desizyon k ap pran sou lavni peyi a.

Jounen jodia, konsekans yo lou sou do popilasyon an. Pwisans enperyalis yo pwofite malè mas pèp la pou pase dwa granmoun peyi a anba pye pi plis toujou. Enperyalis meriken voye plizyè milye militè ak cha ak avyon lagè nan peyi a alòske nou nan yon kriz imanitè. Enperyalis ewopeyen ak kanadyen deside voye tou yon kantite militè pou paweze sou tè zansèt yo te bay san yo, pou kite nan men nou an. Fòs sa yo vini ranfòse prezans militè ti enperyalis ak gwo enperyalis ki nan peyi a depi 5 lane sou non Nasyonzini.

Nou denonse tou jan èd entènasyonal la ap deplòtonnen sou teren an, yon bagay ki montre aklè nati restavèk Leta ak gouvènman nou yo. Poutan nou pwofite bat bravo pou tout elan ak jenerozite rezo òganizasyon popilè ak pwogresis nasyonal ak mondyal, sitwayen toupatou, ayisyen kap viv aletranje ki solidè ak lit pèp ayisyen nan okazyon katastwòf 12 janvye 2010 la.

Nou menm òganizasyon, enstitisyon ak pèsonalite ki siyen nòt sa a, nou deside lanse yon kanpay nasyonal ak entènasyonal pou fè sikile yon lòt vizyon sou kouman pou rekanpe eskanp figi peyi a, yon vizyon ki chita sou solidarite moun ak moun, solidarite pèp ak pèp, k ap bay pwodiksyon nasyonal la jarèt, k ap bay richès peyi a valè, k ap chèche rezoud difikilte peyi a ap travèse, k ap chèche devlope opòtinite ki devan peyi a pou rive mete kanpe yon lòt Ayiti.

Nou menm òganizasyon, enstitisyon ak pèsonalite ki siyen nòt sa, nou deside monte yon chenn solidarite pou lanse yon gwo mobilizasyon pou konstwi yon fòs sosyal ki pou kapote mòd leta ki la a epi rive tabli yon plan rekonstriksyon kote se pwoblèm fondamantal mas popilè yo ki jwenn premye plas tankou kesyon lojman, anviwonman, lamanjay, edikasyon, alfabatezisayon, travay, sante pou tout moun ; yon plan kote kesyon eksplwatasyon, lamizè, inegalite sosyal ak ekonomik kaba, yon plan pou konstwi yon sosyete ki chita sou jistis sosyal.
.
Pòtoprens 13 fevriye 2010.

Pou otantifikasyon :

Camille CHALMERS (PAPDA)

Marc-Arthur FILS-AIME (Inisyativ Pati Kan Pèp la)

Oganizasyon ak pèsonalite ki siyen nòt sa (13 fevriye 2010) :

Nom Prénom Organisation
James Beltis Cercle Gramsci
Florvilus Patrice Konsèy pou Edikasyon Gran moun Amerik Latin (CEAAL-HAITI)
Pierre-Paul Carole Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA)
St Naré Philefrant Mouvman Peyizan Papay (MPP)
Jean Baptiste Chavannes Mouvman Peyizan Papay (MPP)
Jean Felix Roosevelt Koodinasyon Militan pou Devlopman Onzyèm ak Douzyèm seksyon TiGwav (CMD-OD)
Beaugé Frantzy Koodinasyon Militan pou Devlopman Onzyèm ak Douzyèm seksyon TiGwav (CMD-OD)
Chalmers Camille Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif (PAPDA)
Junot Felix Mouvman Altènativ Sosyalis pou Liberasyon Ayiti (MAS LA)
Dubréus Kerby Asosyasyon Jèn pou Liberasyon Lakou Lakay (AJ3L)
Castor Hérol EODI/MODEH
St Pierre Elifaite Solidarite Ant Jèn (SAJ/VEYE YO)
Alzi Henrilio (Kanpay antidèt pou yon altènativ Nasyonal) KANPAN/NÒVÈT
Thélus Jeantilien Oganizasyon Lave Je Koray Anri (OLAJEKA)
Fils-Aimé Marc-Arthur Pati KAN PÈP
Garçonnet Paul André Koodinasyon Rezistans pou defann Dwa ak Enterè Pèp Latibonit (KOREDEPLA)
Roumer Maxime Koodinasyon Rezistans Grandans (KOREGA)
Siclait Marie Koodinasyon Rezistans Grandans (KOREGA)
Charles Emanuel Mouvman Revandikatif Peyizan Latibonit (MOREPLA)
Boumba Nixon Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)
Estéus Sony Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS)
Pierre Louis Berthony Konbit Peyizan Nip / Konbit Fanm Peyizan Nip (KPN- KFPN)
Louis Edmond Jean Paul Fédération des Groupements des Planteurs de Belle Fontaine (FGPB)
Georges Jocelin Mouvman Inite Pèp Okay (MIPAK)
Jeanty Jean William Koodinasyon pou Refonde Nasyon an (KOREN)
Français
Espagnol