PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > PAPDA > Membres > SOFA > Note de presse de la SOFA à l’occasion du 8 mars

Note de presse de la SOFA à l’occasion du 8 mars

mardi 18 mars 2008, par PAPDA

KOMINIKE POU LAPRES
NAN OKAZYON SELEBRASYON “JOUNEN ENTENASYONAL DWA FANM’’
8 Mas 2008 : SOFA mobilize pou Dwa ekonomik, sosyal
ak kiltirèl yo aplike nan enterè fanm yo, nan enterè mas popilè yo

Solidarite Fanm Ayisyèn -SOFA, ap enfòme piblik la an jeneral, laprès an patikilye, pou make 8 mas Jounen Entènasyonal Dwa fanm yo, òganizasyon an, nan kad priyorite estratejik li, ak ijans peyi a nan zafè lavichè ak lamanjay, te wè nesesite pou konsantre aksyon li sou ‘’ enpòtans Dwa Ekonomik Sosyal ak Kiltirèl Fanm’’ ki dwe aplike nan enterè fanm yo, nan enterè mas popilè yo.
Se nan objektif sa a, soti 6 rive 8 mas, SOFA mennen yon seri aktivite refleksyon / mobilizasyon sou pwoblematik dwa ekonomik ak soyal nan plizyè depatman kote SOFA prezan nan peyi a. Aktivite sa a, fèt nan 7 komin : Kayjakmèl, Bonbon, Abriko, Sen Michèl Latalay, Enri, Machan -Desalin, Laskawobas.

Prensipal aktivite selebrayon 8 mas la, SOFA te òganize l nan Laskawobas-Plato Santral. Konsa jedi 6 mas 2008 la, Branch Fanm Peyizan SOFA te mobilize pou reyalize yon kokenn aktivite nan bi pou ranfòse gwoup SOFA nan plizyè lokalite, seksyon, komin nan Ba Plato.

Aktivite sa a ki te reyalize nan lokal Lameri Laskawobas, te reyini plis pase 80 manm SOFA, ladan yo yon delegasyon 39 fanm ki te gen alatèt li Kowòdonatris Jeneral SOFA. Delegasyon fanm sa a soti nan 5 depatman : Grandans, Sidès, Lwès, Latibonit, Nò. Refleksyon ak deba nou te dewoule pandan jounen sa a, sou prensipal pwoblèm ak revandikasyon fanm Ba Plato nan kontèks sosyal ak ekonomik peyi a ki ap degrade chak jou pi plis akòz Gouvènman an ap aplike politik neyoliberal Bank Mondyal ak FMI an

Jounen sa a ki te reyini pase 80 fanm, te okazyon pou divès delege te fè echanj sou sitiyasyon fanm Ba Plato sou : Lasante, Lavichè ak Lamanjay, Edikasyon, Dlo potab, Komès ak dwa pou fanm jwenn bonjan kredi. Tèm sa yo te debat anndan plizyè atelye refleksyon kote pifò fanm yo te fòmile prensipal revandikasyon yo sou :

- Nesesite pou leta prese prese tabli bonjan politik refòm agrè pou pèmèt fanm yo gen aksè ak latè ki se yon garanti fondalnatal pou mas popilè yo ak ti peyizan yo, jwenn manje epi antre kòmsadwa nan pwodiksyon agrikòl, pou lavichè a bese, pou peyi a kapab rive bay pitit li manje.
Nan kad sa a, Leta dwe pran mezi akonpayman kòmsadwa pou bay peyizan yo bonjan ankandreman nan mete sistèm irigasyon nan mòn yo tankou nan zòn Laskawobas kote mòn yo fin dekale ; mete bank kredi agrikòl pou peyizan jwenn semans ; zouti agrikòl ak tout lòt entran pou agriklti kapab yon priyorite total kapital, se sèl jan pou Ayiti antre sou ray devlopman.

Revandiksyon yo tabli sou anpil lòt ijans fanm Plato Santral genyen ki sanble ak sitiyasyon tout fanm riral yo tankou :

• Bonjan politik ekonomik ak finans pou pèmèt fanm yo gen dwa jwenn kredi. Labank Santral dwe demokratize politik kredi nan peyi a pou pèmèt fanm ak mas popilè yo benefisye yon liy kredi kòm klas ki pote pwodiksyon nasyonal la sou do yo. Zafè kredi a, pa dwe oryante sèlman nan direksyon moun ki deja gen mwayen tankou klas boujwazi a.

• Lekòl piblik primè ak segondè gratis pou tifi nan tout seksyon kominal ak lokalite zòn riral yo. Se sèl jan pou tifi yo pa sètoblije desann lavil, kite fanmi yo ak kondisyon anviwonman zòn lakay yo ; kote pi souvan fanmi yo pèdi kontwòl yo epi yo vin pi ekspoze anba vyolans tout kalte.

• Bonjan lopital espesyal ak matènite pou fanm yo sispann mouri nan fè pitit, jwenn bonjan laswenyay ki makonnen ak sitiyasyon yo kòm fanm. Gwo lopital ki gen nan zòn Plato Santral la se KANJ, e sa demontre fanm ki rete lwen yo pa gen aksè kòmsadwa nan zafè lasante, gen fanm ki sètoblije mache plis pase 8 èdtan anvan yo reyisi rive jwenn laswenyay.

• Gouvènman an ak Palman an dwe pran dispozisyon pou siyen epi ratifye akò ki rele ‘’ Pacte International Relatif aux Droits Economiques, Sociaux et Culturels’’ Nasyonzini soumèt pou ratifikasyon depi lane 1976. Sa fè 32 zan, e jous jounen jodi a, Ayiti rete youn nan peyi ki poko janm siyen akò sa a, e se youn nan rezon ki fè tou gouvènman ale gouvènman vini se politik vagnè Leta ap mennen devan lamizè pèp la, yo pa wè responsablite yo.
Jounen refleksyon 6 mas la nan Laskawobas, te fèmen ak yon mach pasifik ki te dewoule nan plizyè katye vil la, kote fanm yo ak popilasyon Laskawobas la te leve vwa yo kont lavichè ak nesesite pou Gouvènman Preval -Alexis a fikse bonjan salè minimòm pou tout travayè ak travayèz, yon salè ki kapab pèmèt yo viv ak diyite.

Selebrasyon 8 Mas ane sa a, se okazyon anndan SOFA pou nou raple sans istorik dat 8 Mas la, ki se senbòl batay fanm ouvriyèz pou defann dwa yo pou yo travay nan bon kondisyon ak nan respè dwa yo ; epi pou nou batay pou chanje kondisyon ekonomik ak sosyal fanm yo, mas popilè yo, se sèl jan pou nou transfòme sosyete kapitalis fewòs n ap viv la ak sistèm patriyaka a.

SOFA ap pwofite retire mouka l devan anpil mobilizasyon divès òganizasyon diferan sektè nan peyi Dayiti ap fè depi kèk lane pou make jounen 8 Mas. Sa demontre, jou an jou, popilasyon an ap pran konsyans gen nesesite pou chanje kondisyon fanm yo epi bati yon lòt sosyete. Poutèt sa, SOFA rete kwè fòk mouvman fanm nan kenbe lespri batay 8 mas la, nan ranmase lide fanm tankou : Rosa Luxembourg, Klara Zetkin, Alexandra Kollantaï, Simone de Beauvoir, Yanick Rigaud, Yvonne Hakim Rimpel ak lòt ki te batay pou chanje kòz fanm ak kòz pèp yo. Mouvman fanm nan peyi Dayiti dwe kontinye sèvi motè mobilizasyon ak chanjman pou nou rive bati yon sosyete jistis sosyal pou fanm, pou mas popilè yo. Yon sosyete egalego.

Lit fanm nan se lit tout mas pèp la

Pou Kòdinasyon Nasyonal SOFA

Marie Frantz JOACHIM

Responsab Aks : Lit Kont
Feminizasyon Povrete

Lise Marie DEJEAN

Kòdonatris Jeneral