PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Intégration Alternative > Désoccupation / Démilitarisation > NÒT POU LAPRÈS : Okipasyon peyi d Ayiti

NÒT POU LAPRÈS : Okipasyon peyi d Ayiti

mercredi 8 juillet 2009

Pòtoprens, premye jiyè 2009

Soti 15 pou rive 26 jen, yon delegasyon ki te genyen ladan li : Didier Dominique ( Batay Ouvriye ), Carole Pierre-Paul Jacob (Solidarite Fanm Ayisyen - SOFA), Frantz Dupuche (Platfòm Ayisyen Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif - PAPDA) te ale nan peyi Brezil, nan kad yon toune ki te genyen kòm objektif : denonse sitiyasyon okipasyon peyi d Ayiti ap sibi anba fòs militè l ONU yo ak kòmandman peyi Brezil e egzije depa fòs okipasyon sila yo. Envitasyon pou reyalize toune sa a, se Kowòdinasyon Nasyonal Lit (Conlutas an pòtigè) ki te fè nou jwenn li, ansanm ak Jubileo Sur ki te patisipe nan miz sou pye jeneral la.

Premye pati nan toune a reyalize nan kapital la, Brasilia, kote delegasyon nou an te rankontre ak Komisarya atache a l ONU nan Ministè Afe Etranjè, Komisyon Relasyon Eksteryè nan Sena a, ansanm ak diferan Depite ak manm Chanm Reprezantan Kolektivite Teritoryal yo. Dezyèm pati a te fèt nan diferan lòt vil tankou, pi espesifikman : São Paulo, Río de Janeiro, Santos, San José dos Campos, Minas Gerais, Campinas, Bello Horizonte, San Luis, Salvador da Bahia, Recife, Natal, Fortaleza, Belém, Porto Alegre, Santa Cruz.

Nan vil sa yo, diferan manm delegasyon an rankontre ak divès sendika afilye ak Conlutas, tankou sila petwòl yo, metalijik yo (otomobil ak pyès machin), chimik, sila ki fè kondwi gaz yo, anseyan, travayè lasante, travayè nan inivèsite, elatriye... Sou yon lòt bò, sèten rankont fèt tou nan milye inivèsitè a ak etidyan yo (patikilyèman sa fakilte dwa, syans imenn, lèt ak filozofi yo) ; pandan dòt te fèt ak mouvman Nwa yo ; e, dòt ankò, louvè pou popilasyon an an jeneral, nan kad yon inite otou kesyon dezokipasyon Ayiti a ki te genyen ladan l Mouvman San Tè yo (MST), Santral Inik Brezil (CUT) ak, pafwa, patisipasyon manm Pati Travayè (PT) a menm ki pa dakò ak politik okipasyon Lula a.

Nan diferan kad sa yo, endistenkteman, nou fè resòti ilejitimite fòs okipasyon MINUSTAH yo, mistifikasyon yo pote kòmkwa se ta yon misyon “imanitè”, “zanmi”, ki vin “ede” pèp ayisyen an, britalite ak absans moral yo. Kouman, nan verite kesyon an, se nan objektif enplantasyon / konsolidasyon yon lespwatasyon san limit yo vini e ap fonksyone, nan kad yon pwojè deklare, kote mendèv yo fin rann pi bon mache a (nan detwi yo fin konsyaman detwi pwodiksyon nasyonal la e antrene migrasyon ak chomaj pa posib nou konnen an) se avantaj boujwa ak miltinasyonal tekstil enpeyalis yo ki, kounye a, nan fen etap sa a yo fòse fèt la, ap jwe, jounen jodi a, sou mistifikasyon “bay travay” la, pou “rezoud chomaj”, kòmkwa se ta de papa bon kè yo ta vin tounen toudenkou.

Kouman tout krim yo fè sou popilasyon an nan fen 2005 rive 2006, nan Site Solèy, Solino, Pele... t ap trase chimen sa a ; kote represyon brital e sanginè avril 2008 yo nan kad soulèvman kont grangou klowòks la vin ap klarifye vre objektif misyon an ki se kraze tout mobilizasyon popilè e kouman, jounen jodi a, represyon-laterè sou manifestan k ap revandike yon salè mizè 200 goud fin fè tout mask tonbe. Vreman vre, se kesyon kle kapitalis la ki an je, se kè rapò kapital / travay la ki an kesyon : salè a, lespwatasyon an. Kouman, nan peyi isit, sou kesyon sa a, se yon lespwatasyon san limit yo soti pou tabli e kouman, anfas rezistans ki natirèlman kanpe a, se yon represyon sanginè, bestyal ki parèt, kote ata nan lopital - nan matènite (!!!) - yo voye gaz lakrimojèn, ata nan lantèman y ap touye yon moun !

Nan menm kad sa a, nou pa t manke denonse ekzaksyon fòs okipasyon / dominasyon MINUSTAH yo, kote ekspilsyon 108 solda Sri Lanka pandan ane 2008 la se te youn nan pwent malveyans yo sou fanm ak tifi peyi d Ayiti, pandan pwostitisyon fòse, vyòl, vòl, entimidasyon ak imilyasyon jeneral, se chaj toulejou popilasyon an ap sibi. A menm tan tou, sou yon bò, nou t ap fè resòti yon lòt koperasyon posib (tankou sa Venezyela ak Kiba a, pa egzanp) epi, sou yon lòt bò, fè konnen kouman titèl la ap kontinye vanse, nan nonmen l ONU nonmen ansyen prezidan Clinton pou “ede regle lakesyon Ayiti” !

Sètènman, nou rete sou wòl popetwèl aktif gouvènman Preval / Pyè lwi a ap jwe nan tou sa, wòl ki ale jouk felisite MINUSTAH apre represyon sistematik li yo oswa bay vag menm lè yo koupe tèt yon travayè ayisyen sou plas piblik nan Repiblik Dominiken ! Sètènman, nou dekri tou wòl tout sousou, kolaboratè tout plim tout plimay ki pèmèt sitiyasyon okipasyon an fèt e rive la e ki, jounen jodi a, ale jouk kriminalize rezistans la, tank pou yo ta denonse e batay pou bloke pwojè sanginè ki lakòz tout soufrans ak lawont pèp ayisyen an ap pase jounen jodi a.

Tout kote nou pase, yon kokennchenn SOLIDARITE akonpaye nou e sèten mekanism konkrè pou pote mobilizasyon sa a pi lwen ap mete sou pye. An total te gen piplis pase 4 mil moun ki te patisipe ak nou nan diferan aktivite yo, pami militan pi angaje yo, ki pral fè pawòl la mache e solidarite a kontinye jèmen. Sou yon lòt bò, nan rankont ak enstitisyon brezilyen yo, devan evidans ki t ap parèt yo e move wòl gouvènman yo a, yo te pran konsyan mistifikasyon ki ap deplwaye a e, patikilyèman, Komisyon Relasyon Eksteryè Sena a deside voye yon delegasyon an Ayiti pou verifye wòl ak aksyon MINUSTAH a, an patikilye sila militè brezilyen yo. Natirèlman, malgre boykòt laprès, toune a te gen eko nan sèten medya. Pandan yo fè nou konnen solda brezilyen ki tounen yo, se laterè y ap simaye nan “favelas” (katye pòv) Río, São Paulo, Porto Alegre... jounen jodi a. Vreman vre, se antrene yo te voye yo antrene nan peyi d Ayiti. Kidonk, piplis pase yon solidarite, se yon “lit komen” kont menm lènmi a ki alòdijou, kote, nan kad presi okipasyon ki sou do nou an, mobilizasyon nan peyi d Ayiti a, se li ki rete prensipal.

Didier Dominique (Batay Ouvriye)

Carole Pierre-Paul Jacob (SOFA)

Frantz Dupuche (PAPDA)

Pòtoprens premye jiyè 2009

PDF Not pou laprès 1 jiyè 2009