PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Intégration Alternative > Droits Economique, Social et Culturel (DESC) > LÈT TOU LOUVRI POU PALMANTÈ YO

LÈT TOU LOUVRI POU PALMANTÈ YO

mercredi 24 juin 2009

Batay Ouvriye, CTSP, STAIA, Antèn Ouvriye, SOFA, MODEP, ROZO, Saj/veye yo, ASID, Chandèl (1)

Pòtoprens, 23 jen 2009

N ap salye tout depite ak senatè ki gen pou pran pozisyon sou objeksyon prezidan Preval fè sou lwa sou salè minimòm 200 goud la. Nou menm òganizasyon ki soutni ajisteman salè minimòm 200 goud la, nou kwè li nesesè pote konsiderasyon sa yo devan nou :

Toudabò, tout analiz demontre 200 goud la, se yon grabday l ap pote pou travayè yo. Li pap pèmèt travayè yo fè fas a tout bezwen yo genyen yo vre. Valè reyèl 200 goud la gen tandans bese lè nou konsidere sitiyasyon ekonomik jeneral peyi a. Lè nou konsidere salè a se valè fòs travay ouvriye yo, fòs travay la dwe kapab repwodyi tèt li, 200 goud la pap menm kapab pèmèt sa. Kidonk pou nou menm, pa ka gen fè bak sou salè 200 goud la jan ekzekitif la mande sa pou ouvriye izin soutretans yo. Salè minimòm 200 goud la se limit aseptab pou ouvriye yo rale yon souf anba lavichè k ap koupe trip yo.

Agiman patwon yo ki vle fè kwè sou kesyon travay alapyès la, ouvriye yo ap fè plis pase 200 goud, se yon gwo manti li ye. Ak travay alapyès nan sistèm modil mèt faktori sa yo enpoze depi kèk ane, ouvriye yo ap andire yon sitiyasyon esklavaj. Tarif yo mande a wo epi pri alapyès yo ba pou yo ta rive fè yon salè ki plis pase salè minimòm lan. Sa se san konte tout kalite trik, vòl ak vyolasyon lalwa sou dire jounen travay, lè siplemantè, jou repo dimanch, elatriye k ap fèt nan inite pwodiksyon yo. Kondisyon travay nan pwodiksyon alapyès la pa pèmèt ouvriye touche plis kòb jan yo vle fè kwè a. Se ak anpil jefò, kraze kò ouvriye yo konn rive fè tarif la. Epi, depi yo rive fè l, patwon yo ogmante l. Se yon sistèm bout di ki tabli nan izin yo kote pou ti krik ti krak, ouvriye revoke poutèt l ap revandike dwa li oswa swè li y ap volè. Met sou sa, dwa pou òganize an sendika pa respekte, dwa pou pote doleyans ak revandikasyon pa asepte. Se patwon yo ak asosye yo ki kontwole tout sistèm pwodiksyon an epi pèsonn pa ka di anyen. Kidonk, agiman patwon yo sou kesyon salè alapyès la pèmèt ouvriye yo fè plis pase 200 goud, se yon gwo manti li ye. Fòk palmantè yo pa pran ladan l men voye l jete. Si se vre, ouvriye yo ka fè plis pase 200 goud, poukisa patwon yo pa vle bay 200 goud la ?

Pwopozisyon ekzekitif la pou mete salè minimòm nan sektè asanblaj pou ekpòtasyon an a 125 goud apati oktòb 2009, 150 goud an 2010 epi 200 goud an 2011, se yon vyolasyon atik 137 Kòd travay la(2). Kòman depi kounyè a, leta ka deside yon ajisteman sou salè minimòm lan san okenn analiz, san done estatistik pou kore l ? Apwòch la pa gen anyen syantifik epi li kontradiktwa ak kesyon mete sou pye konsèy siperyè sou salè a ki li menm kòm enstans gen pou analize epi verifye evolisyon done ekonomik yo pou fè rekòmandasyon sou ajisteman an chak fwa kou lavi a ogmante. Pwopozisyon ekzekitif la rantre nan yon lojik ki pa legal k ap enpoze epi bloke yon salè mizè pou ouvriye yo pandan li kite patwon yo ap fè pwofi yo lib e libè. Asepte yon lojik konsa se kontinye repwodyi esklizyon ak enjistis sosyal. Kòman nou kapab asepte yon chwa konsa pou yon bon pati nan fòs viv peyi a, jenès responsab peyi a ? Ki lavni, ki chanjman reyèl n ap lite pou peyi nou ? Palmantè ki ta asepte objeksyon prezidan Preval la, se bay bourad nan jan akimilasyon sovaj, kriminèl la ap fèt nan sektè asanblaj la. Fè l konsa, se asepte leta bloke salè travayè yo nan lojik pou li toujou rete yon salè mizè nan non sa yo rele konpetivite ak avantaj konparatif la.

Se nan kontèks sa, n ap mande palmantè yo kenbe menm pozisyon 200 goud la pou salè minimòm lan. Se kisa patwon soutretans yo te fè ak lajan 3 zan franchiz dwanyè yo te benefisye sou gouvènman enterimè Latoti a ? Eske plis ouvriye te jwenn travay ? Eske salè ouvriye yo te ogmante ? Non ! Se menm 70 goud la yo te kontinye ap touche pandan patwon yo te jwenn privilèj pou biznis yo.

Kidonk, sistèm enjistis, esplwatasyon, esklavay ki genyen nan izin soutretans yo pa ka jwenn rekonpans ekzekitif la vle ba yo ak pwopozisyon ki parèt nan lèt objeksyon li an. Pwopozisyon ekzekitif la, diskriminatwa, li depaman ak konstitisyon an ki di nan atik 35.1 : “tout anplwaye nan yon enstitisyon prive oswa piblik gen dwa yon salè ki jis, repo, konje anyèl peye ak boni. Epi gen atik 6 Kòd travay la ki di okenn travayè pa ka fè bak sou avantaj konstitisyon ak lalwa ba li.

Nou swete remak sa yo ap itil nan pozisyon n ap pran nan deba sou lwa ki fin vote a, ki te dwe pwomilge deja. Nou menm òganizasyon ki siyen lèt sa a pare pou diskite sou pozisyon sa yo. Pou kontak, palmantè yo kapab kontakte nou nan nimewo sa yo : 34 01 34 37 / 38 40 90 34 / 36 52 56 46.

Yon lòt fwa ankò, resevwa salitasyon ak respè nou.

Oganizasyon ki siyen lèt sa a, se :

Yannick ETIENNE - Batay Ouvriye

Duckens RAPHAEL - CTSP

Renel EXENTUS - STAIA

Frantz AMAZAN - Antèn Ouvriye

Jean Patrick BELLANTON - ROZO

Alix TOUSSAINT - SAJ/VEYE YO

Alermi Piervilus - CHANDEL

Jean Ronald JOSEPH - ASID

Guy NUMA - MODEP

(1) Batay Ouvriye (BO), Santral Travayè ki nan Sèvis Piblik yo (CTSP), Sendika Travayè Anseyan Inivèsitè Ayisyen (STAIA), Antèn Ouvriye, Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA), Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), Rezo Oganizasyon Zòn Lwès (ROZO), Solidarite Ant Jèn (SAJ/Veye yo), Asosyasyon Inivèsitè ak inivèsitèz Desalinyen (ASID), Oganizasyon Popilè Pou Edikasyon Popilè (Chandèl)

(2) Salè minimòm lan fikse selon lalwa oswa apati yon dekrè sou baz rapò Konsèy Siperyè salè a nan Ministè Afè sosyal. Salè minimòm lan gen pou ajiste dapre varyasyon kou lavi a, depi endis ofisyèl enflasyon Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik fikse a di kou lavi a monte pou piti 10 % pandan yon lane fiskal.