PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Démocratie participative > Crises politiques > Inite nan mitan mas popilè yo se garanti pou bati yon demokrasi (...)

Inite nan mitan mas popilè yo se garanti pou bati yon demokrasi konsekan

Tèks sa a soti nan Ajennda "Nou pap dòmi bliye" SAKS pibliye pou lane 2006 la.

vendredi 27 janvier 2006, par Administrateur

Lane 2006 rive. Yon lòt fwa ankò, yon lòt fwa anplis nou konstate lespwa
chanjman pèp la genyen kontinye mize nan chimen. Jounen jodi a, batay ki plis ap
mennen se pou separe zo eleksyon.

Bò kote pa l, " kominote entènasyonal la " se
bwat pwomès sèlman li louvri. Revandikasyon popilè yo nan chimen jennen,
pandan konfizyon ak divizyon layite kò yo nan mitan mas yo. Men kisa ki dwe fèt
pou ede peyi a sòti nan sitiyasyon katchouboumbe a ? Nou kwè inite konsekan nan
mitan mas yo, se sa ki ka louvri wout pou chavire sistèm peze souse a ak pou
konstwi yon demokrasi ki garanti dwa pèp la ak sitwayen yo.

Kisa nou rele inite konsekan ?

Jounen jodi a, gen tout kalte koze k ap klewonnen : rekonsilyasyon nasyonal,
konferans nasyonal, dyalòg nasyonal...Men ki kote enterè mas pèp la gad menm ?
Kisa nou konstate pandan tout koze sila yo ap pale ?

Nou wè chak jou k ap pase sektè popilè yo prèske pa gen lavwa ochapit ankò
nan balans politik peyi a. Peyizan yo vle retounen rantre anba pay. Ouvriye pa
ka fè mobilizasyon. Abitan katye popilè yo menm pa rete souf ankò anba vyolans
bandi ak represyon, elatriye. Nou konnen se sèl pèp la ki ka pote ak pale
revandikasyon ki makonnen avèk enterè l. Kidonk, se sèl mas pèp la ki ka sove tèt
li atravè bon jan batay ak mobilizasyon. Pou sa rive fèt, fòk gen bon jan
inite. Paske fòs reyaksyonè yo fè yon blòk pou fè pase pwojè, plan yo genyen.

Se vre inite ki nesesè a se pitit vant yon pwosesis, se yon konstriksyon. Men
tout òganizasyon popilè konsekan dwe konprann nesesite sila a. Menm si gen
divèjans ak diferans, nou dwe travay ansanm pou devlope yon kont ofansiv
ideyolojik. Fò k lide reyaksyonè yo sispann bay kalinda nan mitan mas yo. Nou dwe
konstwi ansanm zouti pou mennen aksyon / mobilizasyon ki ranmase revandikasyon
fondalnatal nou yo. Nou dwe ansanm kontinye trase chimen pou chavire sistèm peze
souse a. Se sèl mannyè pou demokrasi pa tounen pawòl van.

Demokrasi pa dwe tounen pawòl van

Depi 1986, genyen 2 gwo pwojè k ap twoke kòn yo nan peyi a. Yon bò, gen gwo
pwisans enperyalis yo ki kwè eleksyon ak tabli sèten enstitisyon ka fè
demokrasi pran jarèt nan peyi a. Pwojè sila a genyen yon ti non jwèt. Nou rele l
demokrasi pèpè.

Yon lòt bò, nou jwenn mas pèp la ki fè konnen demokrasi a dwe konsènen tout
chapant peyi a : chapant politik, ekonomik ak sosyal. Nan lane 1990, yon kouran
politik opòtinis ki rele lavalas eseye detounen pwojè mas pèp la. Lame d
Ayiti osèvis enterè ti ponyen piyajè yo ak enperyalis meriken fè yon koudeta. Yon
lòt fwa anplis, yo te blayi vyolans ak represyon toupatou nan peyi a. Mas yo
ak mouvman popilè a te pi gwo viktim.

1994, lame meriken debake yon dezyèm fwa nan peyi a. Yo te klewonnen yo pote
demokrasi tounen avèk retou Jan Bètran Aristid sou pouvwa. Nad marinad ! 2004,
lame etranje debake yon twazyèm fwa. Se toujou demokrasi yo di yo pote. Fòs
reyaksyonè yo ranmase nètalkole pwojè sila a. Men mas pèp la konstate ti mari
pa monte, ti mari pa desann. Sa vle di demokrasi pèpè a rete yon pawòl van.
Men nou wè tou mas pèp la gaye, li san bousòl. Nan sans sa a, fòs pwogresis
yo devan yon defi istorik. Nou dwe demaske epi kanpe ankwa devan pwojè klas
reyaksyonè yo. Defi sila a pap leve san bon jan inite. Paske pise gaye pa kimen !

Chenet JEAN-BAPTISTE

SAKS / Documentation