PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Souveraineté alimentaire > Fòk nou pwodwi plis Manje pou Ayiti ka Viv ak Diyite nan lane 2009 (...)

Fòk nou pwodwi plis Manje pou Ayiti ka Viv ak Diyite nan lane 2009 la

mardi 6 janvier 2009, par PAPDA

Mesaj Asosiyasyon Nasyonal Agwoprofesyonèl Ayisyen (ANDAH)

Ayiti anvi viv. Nan 4 kwen peyi a timoun, granmoun ap bat pou jwenn wout diyite. Men lavi a pa fasil. Nou ka travay, nou ka pwodwi men anpil fwa nou pa ka rekolte. An verite, lane 2008 la pat fasil. Men pou lane 2009 la nou dwe tanmen trase, byen bonè, chimen pou yon peyi tou nèf.

Mesaj Asosiyasyon Nasyonal Agwoprofesyonèl Ayisyen (ANDAH)

Pòtoprens 3 janvye 2009

Ayiti anvi viv. Nan 4 kwen peyi a timoun, granmoun ap bat pou jwenn wout diyite. Men lavi a pa fasil. Nou ka travay, nou ka pwodwi men anpil fwa nou pa ka rekolte. An verite, lane 2008 la pat fasil. Men pou lane 2009 la nou dwe tanmen trase, byen bonè, chimen pou yon peyi tou nèf.

Li twò ta, nou pa ka Pèdi Lespwa, sitiyasyon an twò grav pou nou kwè menm pandan yon segond sèlman nou pap reyisi. Nou dwe jwenn solisyon kòrèk ki pa marye ak blòf oswa fo pwomès. Nou dwe chita ansanm, brase lide ansanm, nan respè ak tolerans, pou n refè eskanp figi peyi nou etan n ap konte sou fòs kouray pa nou pou n fè sa.

Se yon devwa istorik jenerasyon pa nou an genyen. Nou pa gen dwa kite yon Pèp ki limen flanbo Libète pou limanite ap rantre pi fon chak jou nan labou imilyasyon, nan soufrans grangou asid batri. Depi twò lontan nou te nan dòmi, nou te zonbi. Nou kite yon pil komedyen malveyan ap betize ak lavni peyi nou tankou ti moun k ap jwe ak tè.

Pou lane 2009 la fòk nou tout goute sèl pou nou travay sou yon baz ki ka bay rezilta k ap dire nan sans enterè tout kominote a. Si nou tout ansanm, Ayisyen, Ayisyèn konsekan, nou kenbe dizon sa a, pou lane 2009 la, Palmis Libète a ap tanmen rekanpe nan Diyite Lendepandans nou.

Se rèv sa a Asosiyasyon Nasyonal Agwoprofesyonèl Ayiyen an (ANDAH) fè pou tout Nasyon an pou lane 2009 la. Pwoblèm grangou se pwoblèm nou tout deske Dwa pou Manje, se yon Dwa pou tout sitwayen ak tout sitwayèn. Kidonk pwoblèm pwodiksyon Manje nan peyi d Ayiti se yon pwoblèm ki dwe ap brase bil tout sitwayen ak sitwayèn. Pwoblèm Anviwònman nou ki ap fin depafini nèt epi ki marande ak pwoblèm Manje, epi ak kijan gran majorite Ayisyen ak Ayisyèn yo ap viv jounen jodia nan malsite, se yon gwo pwoblèm nou tout sitwayen, sitwayèn konsekan dwe jwenn solisyon pou li nan lane 2009 la.

Men sa ki pi enpòtan, fòk tout solisyon nou jwenn ansanm yo tounen, ak fòs Volonte nou epi nan bon jan òganizasyon, Aksyon konsekan ki ap tanmen pote kèk Rezilta klè. Gen moun ki di peyi a pa manke solisyon nan bouch oswa sou papye men se Angajman konsekan nan Aksyon tout bon ki manke. Sa se Verite. Apre anpil anpil lane fo pwomès ak koze demagoji tèt anba pou antere peyi a, anpil nan nou dekouraje epi pa wè klè. Se Rezilta klè, se Aksyon Djanm nan nivo chak bitasyon, chak katye ki ap vin mete plis gaz nan motè mobilizasyon jeneral pou tabli yon lòt Vizyon pou 2009. Vizyon yon Ayiti tou nèf.

Se Rèv sa a ki dwe tounen Aksyon òganize pou yon Chanjman tout bon Lakay nan lane 2009 ki pou fè frè ak sè nou pa viktim imilyasyon tout kalite ak kay boule kay vwazen. Pou nou pa estomake lè nou wè foto yon bèl ti moun ki ap janbe yon ma labou kote kochon ap gagote nan palmares UNICEF, fòk nou pa kontinye kenbe yon politik je wè bouch pe devan sitiyasyon majorite popilasyon Ayiti a, ki jounen jodia sètoblije kontinye viv nan labou ak fatra etan li nan yon mizè dènye degre.

Pifò sitwayen ak sitwayèn peyi d Ayiti toujou ap sibi yon grangou kloròks asid batri chak jou ki jou etan tout kalite gwo zotobre ap mennen yon politik gaspiyay ti kal resous nou genyen pou kounyea nan peyi a. Resous sa yo ta dwe osèvis byennèt gwo majorite popilasyon an men malerezman, malgre tout bèl pwomès se pa janm sa ki rive fèt.

An nou egzije pou nan lane 2009 la, Leta Ayisyen dekrete yon anbago sou zafè kòmande gwo Tèt Bèf nan peyi a, yon mannyè pou gen plis lajan pou peye pwofesè lekòl, teknisyen ak ajan agrikòl, oksilyè ak enfimyè epi pou fatra ka ranmase. Popilasyon peyi d Ayiti gen dwa pou li jwenn tout sèvis de baz li bezwen, nan nivo chak bitasyon, nan nivo chak katye.

Ann batay pou nou rive fè yon Refòm Agrè tout bon reyalize nan peyi d Ayiti. Yon Refòm Agrè ki ap reyalize nan kad yon vizyon pou asire Dwa Granmoun Peyi a nan Lamanjay, pou bay popilasyon
k ap viv nan zòn ki pi lwen yo tout sèvis yo bezwen epi pèmèt nou jere teritwa nou an pi byen.

Nou bouke ap achte manje sou fatra oswa ap wè pil fatra menm devan moniman kote yo di Desalin ap repoze a, devan « Autel de la Patrie a ». Sitwayen, sitwayèn konsekan peyi d Ayiti, espesyalman sa ki te gen chans fè 2 jou sou ban lekòl ak Inivèsite, sonje nou gen yon responsabilite istorik pou nou pran. An nou sispann plenyen pou nou pran Responsabilite nou sou yon baz òganize malgre limit nou chak genyen.

Sonje premye priyorite tout Nasyon an pou lane 2009 la dwe Ogmante tout bon Pwodiksyon Manje nan Peyi a. Fòk Bidjè ki pral vote a bay posibilite pou gwo majorite pwodiktè agrikòl yo jwenn yon kredi dirèk ki byen òganize k ap pèmèt yo prepare jaden yo nan gran sezon plantasyon ki pral tanmen nan mwa fevriye/ mas 2009 la.Si sa pa fèt, gen yon gwo gwo sezon GRANGOU ki anonse pou plis pase 3 milyon Ayisyen ak Ayisyèn nan tan k ap vini yo. Dwe gen yon plan Aksyon Nasyonal ki byen klè pou BARE GRANGOU nan peyi d Ayiti pou lane 2009 la. Tout jefò ki posib dwe fèt pou frè nou ak sè nou sispann mouri grangou nan peyi a. Men sonje tou, akote resous djanm ki pou ale pou kore pwodiktè agrikòl yo, li lè li tan pou gen yon Gwo Koukouwouj ki fèt kont tout fòm gaspiyay ak depans granpanpan ki pa itil.

Ayiti anvi viv. Nan 4 kwen peyi a timoun, granmoun ap bat pou jwenn wout diyite. An nou Rasanble lide nou ak fòs Konviksyon nou pou, nan lane 2009, nou tanmen wè yon peyi tou nèf k ap boujonnen, yon Ayiti kote tout moun se moun.Yon Ayiti kote tout Ayisyen ak tout Ayisyèn ap gen dwa manje, travay, aprann epi viv nan Diyite, Kè Kontan ak Kè Poze.

Se mesaj sa a, Komite Egzekitif Asosiyasyon Nasyonal Agwoprofesyonèl Ayisyen (ANDAH) voye pou tout sitwayen ak sitwayèn peyi d Ayiti nan okazyon kòmansman lane 2009 la ki dwe yon lane kote n ap trase ansanm yon Chimen tou nèf ki ap pèmèt Nasyon an vanse sou wout Diyite ak Pwogrè.

Pou Komite a : Stephen William PHELPS, Joseph DELLIEN ak Franck ST-JEAN