PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Démocratie participative > Crises politiques > Eleksyon nan enpinite, ki chanjman ?

Eleksyon nan enpinite, ki chanjman ?

SAKS - Joseph GEORGES

lundi 6 février 2006, par Administrateur

Pou anpil moun enpinite se yon bèl mo yon mo tou nèf, yon mo a lamòd. Men si nou gade nan listwa peyi nou, n ap wè tou swit, ni mo a, ni reyalite ki kole sou li a pa tou nèf pase sa, e sitiyasyon politik n ap viv jodi a gen lontan depi l ap tranpe nan sous enpinite.

Si nou ale nan fen 19èm syèk la sou gouvènman Nò Aleksi (Nord Alexis) n a sonje gwo pwosè li te fè kont yon seri gwo anplwaye leta ak etranje ki te tranpe nan vòlò byen leta. Malgre gwo presyon li resevwa nan men gwo potanta peyi etranje ki te gen sitwayen pa yo tranpe tout longè nan zak koripsyon sa a, prezidan an te kenbe fèm pou pwosè a fèt, e li te fèt yon fason kòrèk. Malgre sa, plizyè nan koupab yo rive chape anba men lajistis. Ladan yo, genyen ki vin prezidan larepiblik, pami yo Vilbren Giyòm Sam ki pandan bout tan li fè sou pouvwa a louvri vàn krim nan dènye degre nan peyi a, e fè san koule sòti andedan gran prizon nan Pòtoprens rive jouk nan lanmè, apre majò prizon Chal Oska yon patizan li te pran desizyon masakre prizonye yo andedan gran prizon.

Konbat enpinite vle di volonte politik, volonte chanjman.

Nan syèk ki sot pase a, ki poudre ak koudeta ak diktati militè tout kalite pa manke tras enpinite. Pou degre krim ki fèt sou fanmi inosan, sou jounalis, sou politisyen, sou militè, fòk tribinal t ap jije kriminèl chak jou, jouk jounen jodi a. Ki sa ki anpeche menm de ti bout siyal politik kòmkwa leta ta vle chanje pa rive kenbe lontan. Premyeman fòk nou di, desizyon fè yon pwosè kont de twa vòlò toujou pase nan popilasyon an kòm yon règleman kont, yon kout kòlè yon chèf pou di li la se li k ap dirije. Men se pa janm yon desizyon ki di klèman mak fabrik leta chanje. Ki di tout moun gen dwa, men ki di sitou, tout moun kèlkeswa nivo chèf ou, nivo lajan w, nivo grad ou ye nan sosyete a(klas sosyal ou) depi yo kenbe w nan koripsyon, w ap jije, depi yo rekonèt ou fè krim, w ap jije, e w ap pran santans ou jis nan bout. Mak fabrik sa a leta k ap batay kont enpinite, bay leta a li menm yon lòt sans. Se tout yon pèp ki kanpe doubout k ap pwoteje sistèm jistis la pandan l ap veye, l ap denonse tout fo pa, tout tantativ kèk manm nan sosyete a ta fè pou chavire sistèm nan pou febli otorite leta a. Nan sans sa a, bay jistis pou moun ki merite jistis ki vle di, pini moun ki merite pini ; tounen yon valè nasyonal. Leta se nou, nou se leta.

Yon edikasyon kont enpinite

Nan sosyete nou an, gen plizyè lide, plizyè fason nou wè lavi a ki mache ak lespri batay sa n ap pale a. Nou pa ka dakò ak de koze " degaje pa peche, lè degaje vle di ou gen dwa vòlè leta, ou byen "lè w kay pè ou pa mouri san batize " ki pa vle di lòt bagay, sinon, lè yo ba w separe yon bagay se pou bay tèt ou anvan e si rete ti kras lòt yo va jwenn. Sosyete a dwe konnen zak sa yo se vòl lè yon moun fè yo tou, li merite pinisyon. Konsa tou, elèv lekòl pa dwe dakò, enpi kontan dèske li pase nan bakaloreya gras ak poul li te pote sou li oubyen li te pran sou vwazen an. "Mwen pase paske m konn pran poul". Pou edikasyon sa a mache fòk pa gen okenn fòs kote nan sosyete a. Kòmkwa gen moun ki kwè yo mèt vòlò, fè krim" yo mèt arete y ap lage kanmenm". Fòk leta bay siyal klè vòlè patat kou vòlò dola vèt ap pran prizon menm jan. Men tou, fòk lamizè, enjistis sosyal, ta sispann tizonnen malere yon fason pou l kwè sèl chans li se vòlò. Si se sa, edikasyon kont enpinite a ap pran kou e fò n ta bati anpil prizon. Se pa solisyon an sa. Se bati sosyete a sou valè ki koresponn ak bezwen li pou l byen viv pou se pa krim ak vòl ak enpinite ki tounen valè nan sosyete nou an.

Nou wè eleksyon ap fèt nan peyi a, anpil kandida ki vle prezidan se moun ki gen move dosye, se moun ki gen akizasyon sou do yo pou krim, pou vòlò, pou trafik dwòg eks.. Leta aksepte moun sa yo kandida, sosyete a asepte moun sa yo kandida. Ki egzanp nou vle bay timoun ak Jèn k ap leve yo ?

SAKS : www.saks-haiti.org