PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Souveraineté alimentaire > Deklarasyon KONAP nan Okazyon 17 Oktòb 2009

Deklarasyon KONAP nan Okazyon 17 Oktòb 2009

mardi 20 octobre 2009, par PAPDA

17 oktòb 2009 la make 7 lane fondasyon Kòdinasyon Nasyonal K ap Plede Kòz Fanm yo- KONAP, platfòm òganizasyon feminis k ap goumen pou kondisyon ak sitiyasyon fanm ayisyèn chanje. Nan okazyon sa a, KONAP, wete mouka l byen ba pou salye fanm k ap viv nan milye riral kote 15 oktòb Jounen Mondyal Fanm Riral ki sòt pase a se te moman pou nou denonse, sitiyasyon pifò fanm riral k ap fè fas kare chak jou ak yon seri pwoblèm ki makonnen ak makfabrik sosyete miwo miba n ap viv la. Yon sosyete ki mete fanm sou kote, yon sosyete ki pa valorize kontribisyon fanm yo ase, yon sosyete ki divize popilasyon an ant moun andeyò ak moun lavil. Yon sosyete tou, ki pa janm koupe fache ak politik k ap aplike depi plis pase 200 zan ki pa pèmèt nivo lavi popilasyon riral yo koresponn ak kalite lavi Leta dwe garanti tout sitwayen ak sitwayèn. Sa vle di konkrètman pou mete sèvis fondamantal yo aladispozisyon fanm nan tout seksyon kominal yo.

Komemorasyon 16 oktòb, Jounen Mondyal Alimantasyon, se yon lòt okazyon pou nou salye kouray fanm riral yo. Malgre move kondisyon ak move sitiyasyon y ap viv, fanm riral yo, pote sou do yo chèn pwodiksyon lamanjay pou peyi a viv. Nou jwenn yo depi nan sekle ak rekòlte pase nan transfòmasyon rive nan komèsyalizasyon. Alòske 48% nan moun ki travay latè se fanm, yo pa toujou rekonèt kontribisyon yo nan lagrikilti. Menmjan an tou yo gen pwoblèm pou yo jwenn tè epi eritye tè. Nou sonje filalang yo te fè fanm yo, nan lamayòt refòm agrè ki te tante fèt sou premye gouvènman Preval la.

Nou menm nan KONAP, nou gen 3 gwo rezon pou n pouse rèl koze nou nan dat 17 oktòb la. 17 oktòb, pou salye memwa Jean Jacques Dessalines, senbòl vivan pami fanm ak gason ki te goumen pou lendepandans peyi a. Nou salye tou, memwa DEDE BAZILE nou konnen sou non Defile, fanm kouray ki te ranmase kò Desalin apre yo te fin ansasine li. KONAP deplore, sa fè senkyèm lane, pèp ayisyen an ap salye memwa papa nasyon an, nan yon kontèks lokipasyon peyi a anba fòs MINUSTAH. Yon fòs militè ak sivil ki gen kontwòl aparèy Leta yo. Depi MINUSTAH debake nan peyi a, l ap mennen yon politik kote li fofile kò li anba zèl divès sektè, nan divès aktivite politik, sosyal ak kiltirèl k ap fèt nan peyi a. Pandan MINUSTAH ap taye banda, n ap konstate zak kriminèl sòlda l yo fè nan peyi a, kontinye rete san pinisyon. Paregzanp, Limyè pa janm fèt sou dosye 108 sòlda srilankais, yo te pimpe tounen nan peyi yo akòz agresyon seksyèl yo fè sou fanm ak tifi nan peyi Dayiti.

17 oktòb, Jounen Batay Kont Lapovrete, depi plizyè lane Ayiti ap pote labanyè peyi ki pi pòv nan Amerik la. Reyalite makawon sa a parèt aklè nan tout nivo nan peyi a, sitou bò kote mas pèp la ki chak jou piplis ap bat dlo pou fè bè, san okenn lespwa pou sòti nan lamizè. Responsab nan Leta yo pa montre okenn volonte pou reponn ak revandikasyon pèp la. Nou gen egzanp : a) Entèvansyon degrenn gòch ki fèt apre popilasyon nan 10 depatman peyi a, fin viktim anba gwo konsekans latriye 4 siklòn : Fay, Gustave, Hanna avèk Ike ki frape peyi a nan finisman mwa jiyè ak mwa dawou 2008 la. Li difisil pou nou wè enpak pozitif 197 milyon dola Petwo Karibe Palmantè yo te vote a, sou komin ak seksyon kominal yo. b) nou gen egzanp tou, lwa ki fenk vote sou salè minimòm la, yon kout ponya nan do travayè ak travayèz. Epi ki demontre, nan mannèv gouvènman sa a, sa ki pi enpòtan se pa chanje kondisyon lavi travayè ak travayèz, ni pwoteje dwa yo.

17 oktòb 2009 la fè 9 lane depi fanm peyi d Ayiti nan kad Mach Mondyal Fanm yo te prezante kaye revandikasyon yo bay Rene Preval nan premye manda li kòm prezidan peyi a. Kaye sa a te ranmase revandikasyon fanm nan 10 depatman peyi a sou pwoblèm Vyolans sou fanm ak Lapovrete. Jouk jounen jodia, pako janm gen yon politik global ki defini pou konbat vyolans sou fanm nan peyi a. Kanta sitiyasyon lapovrete a, chak jou li blayi anba je otorite leta yo k ap obsève yon pèp k ap kwoupi nan lamizè pandan y ap fè bè yo.

Ki politik Gouvènman an ap aplike pou mete bon kalite travay, nan bon kondisyon, lavil kou nan milye riral ? Ki politik nasyonal ki defini pou konbat lapovrete ? Eske batay kont lapovrete kapab chita nan dokiman DSNCRP Labank Mondyal kòmandite a ? Chak jou pi plis, Gouvènman Pierre-Louis / Preval la, ap antre pi fon nan aplike politik neyoliberal-FMI ak Bank mondyal, olye yo koupe fache ak sa epi jwenn yon lòt altènativ ak sistèm kapitalis ki ap toufounan fanm yo ak pèp la. KONAP konstate, menm jan ak lòt ki pase anvan yo, gouvènman sa a pa janm defini yon pwogram ki demontre li vle konbat kriz sosyal ak ekonomik k ap brase bil peyi a depi plizyè lane, anpatikilye pwoblèm lavi chè k ap manje zantray tout kouch sosyal nan popilasyon an, sitou fanm yo k ap viv pwoblèm feminizasyon lapovrete a, nan tout mwèl kò yo.
Devan jan sitiyasyon politik, sosyal, ekonomik ak kiltirèl peyi a ap detoryore, devan fason nou wè Leta pi depandan chak jou piplis, nan okazyon, 17 oktòb 2009 la, KONAP renouvle revandikasyon li pou mande gouvènman Pierre-Louis / Preval ansanm ak Palmantè yo siyen epi ratifye « Pacte International relatif aux droits sociaux, économiques et culturels / Pakt entènasyonal sou dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl », Nasyonzini adopte depi desanm 1966 epi ki antre ann aplikasyon an janvye 1976. Pakt sa a se youn nan zouti ki kapab sèvi pou garanti ak pwoteje fanm kou gason pou yo viv nan diyite. Menmjan an tou, nou mande Palmantè yo vote prese prese, lwa sou patènite responsab la, yon fason pou plis pase 48 pousan fanm ki lage nan mizè ak pitit papa pa okipe yo, kapab rale yon souf.
Sou zafè lwa yo toujou, KONAP ap pwofite denonse manèv senatè Anacasis Jean Hector ki vle vote lwa kont yon kota salè espesyal pou travayè (fanm kou gason) de nwi yo. Pou travayè ki travay nan nwit ta touche menm salè ak sa k ap travay lajounen. Manèv sa a antre nan menm estrateji pou sistèm kapitalis la fini ak klas ouvriye a, kreye plis lamizè. Sitou pou fanm yo ki reprezante 70% nan anplwaye izin soutretans yo.

KONAP ap egzije gouvènman an pran dispozisyon pou defini politik k ap mete ekonomi peyi a sou ray, nan favorize relansman pwodiksyon nasyonal la ; nan defini politik pou kreye travay nan milye lavil kou nan milye riral ; politik ki reponn ak bezwen reyèl tout sitwayen ak sitwayèn. Politik sa yo dwe koupe fache ak tout fòm politik neyoliberal ki pral mete peyi a nan plis mizè, plis depandans ekonomik pi devan.

KONAP rete kwè nan fòs òganizasyon ak fòs mobilizasyon popilasyon yo ak fanm yo anpatikilye. Konsa, nan menm lespri Libète ak Jistis Desalin, ak menm fòs kouray Defile, KONAP renouvle detèminasyon li, pou kontinye lite pou yon sosyete ki koupe fache ak mete moun sou kote. Menjan an tou KONAP ap mande pèp la, fanm yo, kontinye mobilize pou defann dwa nou. Mennen batay k ap pèmèt nou konstri yon sosyete egal ego, nan yon peyi granmoun tèt li.

Pòtoprens, 17 oktòb 2009

Pou KONAP,

Olga Benoit
Samia Salomon