PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Intégration Alternative > Désoccupation / Démilitarisation > Ayiti, 99 lane aprè, fòs okipasyon an toujou la. Ayisyen patriyòt an n (...)

Ayiti, 99 lane aprè, fòs okipasyon an toujou la. Ayisyen patriyòt an n ranmase fòs nou pou n reprann dwa granmoun peyi a.

lundi 28 juillet 2014

Pou nou pa dòmi bliye, Pati Kan Pèp La vin fè n sonje, sa fè 99 lane depi militè ameriken te debake okipe peyi a, pou premye fwa 28 jiyè 1915. Nou kwè li enpòtan pou tout patriyòt ayisyen pa dòmi bliye dat madichon sa a. Nou pa ka dòmi bilye tout kalite zak imilyasyon, kantite krim, vòl ak destriksyon fòs okipasyon ameriken yo te fè nan peyi a pandan 19 lane piyaj ak represyon avèk konplisite yon kolonn konze, ki t ap kolabore avèk okipan yo. Nou kapab di, twazyèm okipasyon an ki kòmanse an 2004 la, se pwolonjman premye ak dezyèm okipasyon anvan yo. 1934 militè meriken yo te ale men yo te kite tout chapant ki nesesè pou yo kontwole tout espas estratejik nan sistèm politik peyi a e fè li fonksyone nan sans enterè enpryalis yo.

Malerezman, nou konstate yon lòt fwa ankò konze yo toujou la pou kolabore avèk okipan yo. Se konze yo ki te mande pou twazyèm fòs okipasyon an debake, se yo menm ki siyen akò jen 2004 la avèk nasyonzini pou MINISTA tabli nan peyi a, se yo menm ki dakò renouvèlman manda MINISTA chak lane ki pèmèt fòs okipasyon an toujou la nan peyi a depi 10 lane. Dayè, nou tande kouman prezidan Mateli ap fè lwanj lè l di (m pa ka pran koudeta ak prezans MINISTA). Ki donk, fòs okipasyon an, se yon fyète pou konze yo.
Nasyonzini se yon senp zouti nan men enperyalis entènasyonal la, espesyalman gouvènman ameriken. Konsa, an reyalite fòs okipasyon yo gen menm objektif, menm misyon ak menm wòl. An nou pran kèk egzanp :
• Nan nivo ekonomik : okipan 1915 yo vòlè rezèv lò Leta Ayisyen te genyen nan bank santral depi mwa desanm 1914. Yo fè dap piyanp sou plizyè dizèn milye kawo tè, ki te pèmèt yon seri gwo antrepriz miltinasyonal tabli nan peyi a pou mete kanpe biznis agwoendistri pou satisfè mache mondyal la. Yo pwodwi yon bann byen ak richès voye nan peyi lotbò. Jounen Jodi a, yo gen MINISTA pou asire piyaj rès lò ak lòt rezèv min ki anba tè. Gouvènman Mateli Lamòt la ak lòt etranje parèy yo, ap pran tè nan men peyizan yo pou fè zòn franch ak espas pou touris ; Se peryod okipasyon ki mete Ayiti nan wòl bay endistri kaopitalis la travayè bon mache nan tout rejyon Karayib la. Se okipasyon an ki reskonsab dram frè ak sè nou yo nan Repiblik dominikèn. Wòl pwodwi travayè bon mache a ap kontinye jodi a nan zon franch kap ekspòte rad e kap peye yon salè mizè.

• Nan nivo politik : okipan 1915 yo ansasinen plizyè milye ti peyizan ki t ap fè rezistans nan yon lit ak zam lame kako Chalmay Peral ak benwa Batravil t ap dirije. Yo masakre plizyè ti peyizan nan kafou Machatè nan antre vil Okay. Paske ti peyizan yo t ap manifeste kont taks okipan yo te mete sou kleren. Okipan yo te fè pwòp konstitisyon pa yo pou peyi a. Fòs okipasyon MINISTA fè zak ansasinay nan katye popilè yo, represyon kont moun k ap manifeste, yo antre fè represyon nan fakilte, yo fè kadejak sou fanm ak gason ;

• Nan nivo ideyolojik : okipan 1915 yo fè alyans ak yon branch nan klas dominant yo kote li ranfòse pratik rasis yo. Popilasyon an pèdi konfyans nan tèt li, nan idantite l, nan kilti li. Gen yon lagè ki deklare kont kilti popilè e ki jodi a ranfòse nan pratik sèkt evanjelik yo. Pwopagann kont kilti peyi a gaye toupatou. Jodi a MINISTA gen pwòp radyo pa l pou Pèp la pran lalin pou fwomaj
• Nan nivo sosyal : okipan 1915 yo te retabli yon fòm esklavaj (kòve) nan fè ti peyizan yo travay san yo pa peye senk kòb. Yo te ekri pwòp konstitisyon ak pwòp lwa pa yo pou dirije peyi a. Depi fòs okipasyon MINISTA a tabli nan peyi a, kay pou lwe, se an dola ameriken yo peye sa. Avèk yon seri ti pwojè, MINISTA kontwole yon seri òganizasyon toupatou nan peyi a. Sa k pi grav la, MINISTA reyalize yon gwo jenosid kont pèp ayisyen an avèk maladi kolera sòlda nepalè yo pote nan peyi depi mwa oktòb 2010, ki deja touye plis pase 9 mil moun, anviwon 704.000 mil moun ap viv avèk viris la nan san yo.

Pati Kan Pèp La denonse dènye vizit Bann Kimoun fè nan peyi a, kote li te vin krache sou kadav viktim kolera MINISTA yo. Peyi a pran yon lòt imilyasyon lè pandan vizit Sekretè Jeneral nasyonzini a dirijan peyi a ap kore enpinite Ban Kimoun devan krim san parèy sa a li fè kont Pèp ayisyen.

Ki donk, kit se okipasyon militè ameriken an 1915-1934, kit se okipasyon nasyonzini 2004-2014, se yon zak imilyasyon, se yon zak rasis, yon zak kriminèl kont pèp ayisyen an. Nan sans sa a, Pati Kan Pèp La mande pou tout moun, tout gwoup, enstitisyon ak òganizasyon konsekan nan kat kwen peyi a leve kanpe kont fòs okipasyon an, yon fason pou n reprann dwa granmoun peyi a.

Pati Kan Pèp la mande tout fòs pwogresis, tout fòs patriyotik pou yo antre nan yon batay san pran souf pou mete MINIST deyò nan peyi e tanmen yon pwosesis rekiperasyon souvrente ak diyite peyi a. Nou kwè fòk nou mete kanpe yon komisyon nasyonal pou traavy depi kounye sou santyèm anivèsè okipasyon an 28 jiyè 2015. 99 zan se twòp atò fok okipasyon kaba.

Aba okipasyon, viv yon ayiti granmoun.

Marc Athur Fils-aime

Sekretè Jeneral