PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

Accueil > Intégration Alternative > Droits Economique, Social et Culturel (DESC) > 200 GOUD LA PASE - MEN BATAY LA FENK KÒMANSE !

200 GOUD LA PASE - MEN BATAY LA FENK KÒMANSE !

lundi 11 mai 2009, par PAPDA

BATAY OUVRIYE - Nan jou ki te 5 me 2009 la, senatè yo, alaswit depite yo vote pwopozisyon lwa Benoît a ki, pami lòt konsiderasyon, mete salè minimòm la a 200 goud. Rete pou prezidan an apwouve vòt 2 nivo palman an pou li pibliye nan jounal ofisyèl Monitè a e aplike imedyatman.

Nan BATAY OUVRIYE, nou asepte nouvo salè minimòm sa a. Pou plizyè rezon :

* Tou dabò, paske tout sa ki ka amelyore lavi travayè yo e, apati sa, sila tout pèp la, menm si se nan yon minimòm, nou pa rejete l, nou asepte l ;
* Paske 2 vòt sa yo, se rezilta LIT kotidyen travayè yo, nan diferan kote y ap travay, tankou sou sèn politik la, tankou sa parèt aklè nan diferan sitin nou te òganize devan palman an, devan ministè afè sosyal pou reklame ajisteman salè nou selon lalwa, tankou apati tout entèvansyon nan laprès nou fè pou reklame dwa sa a, tankou tou apati manifestasyon premye me ki sot pase a, kote, ansanm ak yon pakèt lòt òganizasyon ak endividi nan kan pèp la, nou te reklame ankò yon fwa yon ajisteman legal ;
* Se yon sèten viktwa tou devan 3.5 pou rive 7 goud (!!!) chanm kòmès ak endistri peyi a te, kòm premyèman, vle pou komisyon tripatit la fikse ajisteman an ; lè a, nou te montre kouman reyaksyon sa a se te yon souflèt 2-3 sanginè vle bay travayè yo, pèp ayisyen a an jeneral nan benefis pa yo tou sèl ;
* Se yon aki BATAY travayè yo rive atenn, apre dilatwa ekstraòdinè palman an pran pou vote pwopozisyon lwa sila a, etan done depite Benoît depoze pwopozisyon l lan depi mas 2007 ! ;
* Se yon sèten viktwa fas a presyon tout kalite prensipal reprezantan chanm kòmès ak endistri a, asosiyasyon endistriyèl yo, CLED ansanm ak tout “konseye” ekip sa a te angaje pou sena a pa vote pwopozisyon lwa sa a men mete yon dilatwa 3 lane pou resi rive nan 200 goud la, bagay ki, anplis li ilegal (lalwa a di pou salè minimòm lan ajiste selon kou lavi a e pyès moun pa ka prevwa nan 3 lane l ap ekivalan a 200 goud), kidonk, anplis ilegal, manèv sa a t ap pèmèt, nan resi rive nan ajisteman minimòm sa a apre 3 lane, 200 goud la t ap deja pa vo sa li vo jodi a ;
* Se yon viktwa tou devan atitid komisyon sena a ki te pwopoze pou annik asepte mistifikasyon boujwa yo senpman ;
* Se yon aki tou devan presyon gouvènman an ki, pa letèmedyè ministè afè sosyal ak travay patikilyèman men an jeneral tou, te goumen jan yo konnen pou chache bese salè minimòm la a 150-160 goud, menm lè pwòp yo menm te kalkile pou yon fanmi ouvriye ka viv li ta bezwen omwen 300 goud !

Nou remake tou lwa a genyen ladann lefèt pou salè minimòm lan ajiste chak fwa enflasyon an depase dis pou san (10 %) nan yon lane, jan atik 137 kòd travay la estipile l klèman. Sa montre reskonsab sila yo vle angaje yo jounen jodi a nan yon minimòm legalite sou sijè sa a. Èske y ap kenbe sa yo vote a tout bon ? Se yon lòt kesyon. Se yon lòt BATAY.

Fè aplike imedyatman salè minimòm 200 goud la, se yon lòt pwen tou, se yon lòt BATAY tou. Nou menm nan BATAY OUVRIYE, nou konnen trè byen ki tray nou te pase pou resi fè vye 70 goud 2003 a aplike (presyon, menas, revokasyon te fen kenken lè a). Senatè yo ensiste sou aspè sa a, men, dapre divès ouvriye ki fè pati òganizasyon an, nan sèten faktori, boujwa yo deja ap fè presyon pou ouvriye yo asepte touche 160 goud sèlman, si se pa sa yo di y ap fèmen. Manèv sa a, ankò yon fwa, totalman ilegal, etan done kòd travay la estipile klèman pyès moun (sitou patwon yo) pa gen dwa fòse travayè yo asepte anyen ki pa nan enterè yo. Kidonk, nòmalman, sou kesyon aplikasyon imedya nouvo salè minimòm 200 goud la, fòk genyen enspeksyon ministè afè sosyal ak travay la (selon lalwa ankò yon fwa, se devwa li) pou verifye e egzije aplikasyon sila a e bay sanksyon ki nesesè lè sa pa fèt.

*

Tou sa pa anpeche nou note sèten iregilarite nan lwa a menm, patikilèman sou kesyon “mezi akonpayman oswa konpansasyon” y ap pale yo. “Konpansasyon” ki pwopoze yo (dispansè, kafeterya, twalèt, transpò, lojman...) se yon seri pwen ki se deja de obligasyon, dapre kòd travay la menm. Fè yo parèt tankou de bagay “anplis” yo ta bay travayè yo, ede nan dedwane patwon yo apati lefèt yo ilegalman pa t bay yo deja e, an menm tan, redyi obligasyon an kote si patwon yo pa ta vle oswa di “yo pa kapab” bay yo, yo ta prèske santi yo ka adopte atitid sa a.

Men sa ki pi grav la, se lefèt ajisteman an opere alabès. Salè a, jan nou toujou fè sonje, se pri fòs travay ouvriye a, egal : se dekwa pou li ka repwodyi tèt li ak fanmi l. Se sa yo rele “panye familyal minimòm lan”. Minimòm pou yon fanmi ouvriye ka viv jounen jodi a, pwòp ministè afè sosyal ak travay kalkile l a 300 goud ! Dòt, pami yo nou menm, kalkile l a 450 - 500 goud. Kidonk, menm jan yo te deja fè l nan moman 70 goud la, mete ankò ajisteman an pi ba pase sa li vo vreman an, se enstitisyonalize yon lespwatasyon ki depase konpetan (sur- exploitation). Yon egzanp byen senp, se lè depite Benoît admèt pwopozisyon mas 2007 li a te 250 goud (baze sou sa li te kalkile pou yon fanmi ouvriye ka viv lè a) e, jounen jodi a, pandan lavichè a kontinye ogmante nan 2 lane ki swiv yo (2007 - 2009), li bese l a 200 goud ! Malgre efò depite sila a ap fè, se eksplisitman rekonèt yon ajisteman alabès, sou do ak nan syè ouvriye yo, nan benefis boujwa yo : se kareman e ouvètman dedwane lespwatasyon depase konpetan an, se enstitisyonalize sur-exploitation an.

Sa trè grav. Enstitisyonalizasyon sur-exploitation an, se, anfèt, ekspresyon aklè DIKTATI klas boujwa a apati mask legalite demokratik la.

Jan nou kapab wè, anba dominasyon boujwa a, kesyon salè a, se yon BATAY pèmanan. Jounen jodi a, LI FENK KÒMANSE !

Batay Ouvriye

Pòtoprens, jedi 7 me 2009